Arabi Sawoudit gate jwèt la nan men Ajantin !

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
arabi sawoudit gate jwèt la nan men ajantin !
Granm bonè nan maten 22 Novanm nan, ekip Ajantin nan konnen yon defèt pou premye match li nan Mondyal la fas Arabi Sawoudit (1-2). Youn nan favori pou Koupe Di Mond sa mal demare.
Tout moun te pase Ajantin ta pral fè yon sèl bouche avèk Arabi Sawoudit pou premye match li nan Mondyal la. Poutan, konpatriyòt Messi yo tonnes sou yon ekip azyatik ki byen òganize taktikman e ki rive bat seleksyon Ajantin nan avèk Anouk merit.
Ajanten yo te panse yo te fè sa k te pi difisil la lè yo te louvri eskò a gras ak Messi, sou penalite (10′). Ak gòl sa, Messi vini senkyèm jwè ki fè gòl nan 4 Mondyal. Annapre, Ajanten yo tonbe nan pyèj òje ti mesye Hervé Renard yo, yo fè 3 gòl yo pa rive valide.
Nan dezyèm mitan an, Arabi Sawoudit parèt an flanm pou w vin poze Ajantin kesyon. Nan 5 minit yo fè 2 gòl gras ak Al-Shehri (48′) epi Al-Dawsari (53′). Ekip la defann trè byen, pa bay Ajantin twòp espas e malgre tout sa Ajaten yo tante anyen pa mache jis match la bout.
Se premye fwa Arabi Sawoudit rive mete do Ajantin atè nan zafè Koup Di Mond. Avan sa yo te jwe 4 match, Ajantin te bat 2 epi te gen 2 match nil. Mesye Lionel Scaloni yo dwe rebat kat la pou 2 match ki rete yo fas Meksik epi Polòy.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.