Asosyasyon Pwofesyonèl Petwòl yo mande pou Leta debloke Tèminal « Varreux » 

asosyasyon pwofesyonèl petwòl yo mande pou leta debloke tèminal varreux 

Asosyasyon Pwofesyonèl Petwòl yo mande ak gouvènman aktyèl la degaje l kou mèt Jan Jak pou debloke Tèminal « Varreux » a ki sou dominasyon bandi ak zam depi yon bon bout tan. Nan yon lèt tou louvri ki te adrese ak Minis Ekonomi ak Finans lan, jou ki te 22 septanm 2022 a, APPE envite Leta pou rann tèminal la aksesib. 

Daprè sa yo te ekri nan korespondans sa a ki pote siyati prezidan APPE a, Randolph Rameau. Konpayi petwòl yo genyen ase stòk gaz nan men yo pou bay estasyon sèvis yo ak kliyan endistriyèl yo. Alòske, sitiyasyon aktyèl la ki makonnen ak menas tèminal Varreux a ap sibi nan dènye tan sa yo, pa pèmèt kamyon antre ladan l epi chaje gaz pou distribisyon yo 

« Nous avons un intérêt commun à ce que la distribution de carburants puisse reprendre dans des conditions acceptables pour l’ensemble des acteurs et pensons donc que le déblocage du terminal Varreux est une condition nécessaire à ce redémarrage de nos activités », toujou deklarasyon prezidan an atravè lèt sa. 

Li enpòtan pou n raple, se estrikti kriminèl ki pote non G9 la, ki bloke tèminal Varreux a depi anviwon yon semèn. Se pa premye fwa yap egzèse otorite yo sou Tèminal la, dènye fwa a yo te menm fè Tèminal la ba yo 100 mil dola vèt, pou kite gaz la soti. 

Quitter la version mobile