Atak ame nan Solino : plizyè moun blese ak bal

Jedi 4 jiyè a, nan mitan jounen an, yon atak ame vyolan te fèt nan katye Solino, ki chita nan komin Pòtoprens. Plizyè moun blese ak bal nan atak sa gwoup gang Bèlè a te reyalize.

Dapre sous nou kapab fè konfyans, kriminèl yo te atake katye a soti nan koridò Basya ak Anba Fò. Nouvo atak sa a vin ajoute sou lis vyolans ki regilyèman frape rejyon an, sa ki lage moun nan yon klima pè ak ensekirite.

Otorite lokal yo poko bay yon bilan presi sou moun ki blese yo, men temwen ki te sou plas ki rapòte sèn lan fè konnen te gen anpil kouri ak panik, yo fè konnen tou gen plizyè moun ki pran bal. Rezidan yo pran kouri pou yo al kache, pandan fòs lòd yo te pran tan pou entèvni.

Atak sa a mete aksan sou ijans yon repons ranfòse otorite yo fas ak ogmantasyon ensekirite nan kapital peyi a. Abitan Solino yo, menm jan ak anpil lòt nan katye Pòtoprens yo, kontinye viv anba menas gang ame ki enpoze lwa yo.

Sitwayen yo lanse yon apèl pou yon aksyon rapid ak efikas nan men gouvènman an pou retabli lòd ak asire sekirite popilasyon an.

Quitter la version mobile