Aya Nakamura anonse yon nouvo albòm ! 

Aya Nakamura Anonse Yon Nouvo Albòm ! 

aya nakamura anonse yon nouvo albòm ! 

 Aya Nakamura lanse ane 2023 a avèk yon gwo anons. Pandan li te òganize yon layv sou rezo sosyal yo, li pwofite mete plan l pou ane ki fenk antre a devan piblik li. Fanatik Aya yo ap gen chans jwenn yon lòt albòm nan men l e atis la pwomèt yo anpil lòt bagay. 

Sa gen plis pase 3 lane depi Aya Nakamura pa soti albòm. Atis Franko-malyèn nan te toujou rete nan endistri a avèk singèl epi klip li pibliye detanzantan. Men pou ane sila a, Aya deside mete twazyèm albòm li deyò. Albòm sa ap rele DNK e l ap disponib sou platfòm yo 27 janvye k ap vini la a. Se pa sa sèlman jenn fanm 27 lane a sere pou fàn li yo. 

Nan layv sa ki te pote non “ Nakamurance live show ”, li te pwofite envite epi prezante moun ki kolabore avè l sou albòm sa. N ap jwenn rape SDM sou youn nan mizik yo. Lòt atis n ap jwenn sou pwojè sa se Kim epi Tiakola. Se “Baby” k ap premye ekstrè nan nouvo pwojè sila a. Rezon ki fè l rele albòm sa DNK se pou Danioko ki se siyati l. 

Avèk albòm sa, Aya Nakamura ap pwofite fè premye konsè l nan pi gwo sal ki gen an Ewop la, Accor Arena a. 26 Me 2023, l ap entèprete nouvo mizik li yo devan plis pase 20 000 fanatik nan sal mitik sa. Pou l fini, Aya ap òganize yon toune avèk DNK e li anonse l ap afiche nan 5 gwo festival.  

Aprè Nakamura, dezyèm albòm li an ki te vann plis pase yon milyon fwa, Aya pare pou l fè yon lòt katon nan mond mizikal la. 

 

Quitter la version mobile