Ayiti-Aktyalite: Plizyè jounalis mache nan lari pòtoprens, pou di non ak vyolans polisye yo fè sou yo

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Jodia jedi 28 janvye 2021 an, plizyè dizèn jounalis te soti nan lari pòtoprens, pou yo di non ak vyolans polisye ap fè sou yo nan egzèsis fonksyon yo e yo mande tou pou atik 28.1 , ki nan konstitisyon an respekte.

(Lè yo pa ka manyen jounalis, yo voye lapolis), ( lè yo pa ka touche, yo rele jounalis ), sa se kèk pami slogan jounalis yo te itilize pou fè pakou mach pasifik sa kite kòmanse Sou plas nèg mawon, monte sou lali, pase devan RNDDH, yo pase devan ministè kominikasyon ak ministè lajistis e yo t al bout sou plas konstitisyon an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

 

Atik 28.1 nan konstitisyon an di: ( Le journaliste exerce librement sa profession dans le cadre de la loi. Cet exercice ne peut être soumis à AUCUNE autorisation, ni censure, SAUF en cas de guerre.).

https://youtu.be/m3Y-yR0HIgw

 

Depi nan kòmansman pouvwa prezidan Jovenel Moïse la, plizyè jounalis te tounen sib gouvènman an, anpil jounalis viktim nan pye travay yo anba men lapolis, yon lis ki pa sispann agrandi chak jou, e sou gouvènman Jovenel Moïse la, plizyè jounalis mouri anba men bandi.

Jounalis yo te deside frape pye yo atè pou lapolis sispann anpeche yo egzèse metye yo, sitou nan kad gran evènman tankou manifestasyon popilè yo, ki toujou gen jounalis ki viktim anba men polisye , nou kapab site Edris Fortuné kòm dènye jounalis ki viktim nan egzèsis fonksyon li anba men polisye yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

NAK-MEDIA

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article