Ayiti-Aktyalite : Yon gwoup sitwayen nan komin kafou chita pale ak Izo pou rejwenn lapè

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Nan objektif pou twazyèm sikonskripsyon pòtoprens lan, retounen nan nòmal li , Yon gwoup sitwayen te chita pale ak chèf gang ( IZO ) k ap dirije baz 5 segond ki gen plizyè ane k ap feraye e ki bloke antre sid peyi a Depi anviwon 2 mwa.

Gwoup sitwayen sa yo te chita pale ak chèf gang sila nan lide pou yo jwenn Yon antant pou lapè kapab retounen nan zòn sila, sitwayen sila yo fè konnen yo gen pou chita pale tou ak chèf gran ravin ki rele ( Ti Lapli ) ansanm ak ( Krisla ) kise chèf k ap dirije Tibwa a nan menm objektif la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou foto ki fèt aprè rankont sila, nou ka remake Landa Michel kise jounalis radyo zénith ak ansyen majistra kafou a Yvon Jérôme kite prezan nan rankont sila.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article