Ayiti-Ensekirite : Medsen San fontyè kite zòn matisan akoz ensekirite

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Nan yon kominike pou laprès ki pote dat 2 dawout 2021 an, òganizasyon medsen san fontyè ( MSF ) anonse yo fèmen pòt yo pou tout bon sant ijans yo te gen nan zòn matisan an, ki twouve l nan antre sid kapital peyi a.

Nan nòt sila yo fè konnen,yo pran dezisyon sa paske yo pa gen kapasite pou garanti sekirite manm ekip yo k ap travay yo ak pasyan ki vin pran laswenyay nan sant sila, n ap raple nou òganizasyon medsen san fontyè gen anviwon 15 lane depi l ap ofri sèvis li ak kominote nan matisan ak lòt zòn ki tou pre li yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo toujou gen menm motivasyon an , pou ede ak akonpagne popilasyon an sitou Sak pi nan nesesite yo ,y ap etidye posibilite pou mete sant ijans yo nan Yon lòt katye nan zòn metwopolitèn nan e yo fini pou fè konnen y ap lave men yo sou tout sa ki ta pase nan ansyen lokal yo genyen nan matisan 25 lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article