Josama Michelet a.k.a Dj Cash Cash, konfime l ap soti nan egzèsis pre kanaval 2021 an, Dj ki baze nan ri ( la reunion ) an, bay tout gwoupi li ak fanatik li yo randevou a 7 tè nan baz li pou yo kòmanse ak animasyon mizikal yo, jan sa abitye fèt.
Sa pa gen lontan depi meri pòtoprens te envite Dj yo nan Yon reyinyon, jiskaprezan okenn avi ak kominike pa soti pou fè konnen kisa ki deside, men Dj Cash Cash te gentan anonse nan emisyon li fè sou radyo ( Energie fm ), li te di l pare pou l soti depi lameri ba l aksè.
N ap raple pou nou, nan mwa novanm ki sot pase a Josama Michelet te viktim anba bal bandi, nan zòn alvarèz restoran.
NAK-MEDIA
Facebook Comments