Ayiti-Mizik: « NEVERSEA »Yon lòt konsèp festival mizik rive sou Ayiti

Steven Aristil
ParSteven Aristil

Sa fè kèk tan anpil moun ki sou rezo-sosyal yo te wè yon afich ki gen anpil atis Ayisyen yo sou li ki rele »Neversea » atis ap fè pwomosyon pou li, gen spòt nan radyo ak televizyon pou festival la. Anpil kesyon tap poze kiyès kap fè festival sa? Poukisa li rele konsa? Kisa konsèp sa ye?

Ebyen mèkredi ki te 16 desanm 2020 an ekip kap òganize aktivite sa te bay yon konferans pou laprès nan otèl » El Rancho  » ki Petyonvil.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou tab la te genyen Stéphanie Douyon, Zigizag Zagalo, Berthony Rafaël, Yvens Désir akonpanye avèk kèk atis tankou Michaël Guirand, Andy Beatz ak Shassy. Se Zagalo ki te di premye mo yo ak jounalis yo, aprè Steph Douyon ta pral li menm ta pral bay plis detay sou festival la.

Men sa nou dwe konnen de « Neversea » se nom yon plaj ki genyen nan mond lan kote yo fè yon gwo festival ladan l. Konsèp Neversea a diferan diferan de lòt yo, pou rakonte sa li di nan festival la, ap gen yon babèchòp nan espas pou festivalye ka fè koup yo vle, ap gen aksè pou ti medame yo fè »Percing » si yo vle, ap gen « Playstation » pou moun ki renmen divèti ak yo jwèt sa, ap gen tatouaj si yon moun vle li ka fèl, gen espas kote moun ka bo, mande moun yo fiyansay donk se yon espas ki la kote w ka fè tout saw imajine w te ka vle fè lakay ou yon dimanch maten.

Sepa gwoup mizikal yo sèlman kap jwe men ap gen yon bon meni pou divètisman nan yon pri espesyal sou plaj nan jou sa nan sa nou sot site yo la. Kibò ?ak kilè? Konbyen kob ?

« Neversea » ap fèt se dimanch 20 desanm nan « Kaliko Beach » Akayè pou 1500 gds avan jou sa.

Nan yon kontèks si frajil sou plan medikal ak sekirite ki mezi ekip la pran? Lapolis ap dispo sou tout wout la pou asire sekirite festivalye yo, tout moun sipoze met mask pou yo ka gen aksè ak aktivite a.

Se konsa konferans pou laprès sa te dewoule jedi ki sot pase la nan « El Rancho » ekip la di li konte sou prezans tout moun dimanch 20 desanm nan.

Olfton Benoît

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article