Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Bandi ak zam kidnape 3 fidèl nan “Première Église Baptiste de Port-au-Prince”

Share
Aktivite kidnapin yo nan peyi a pa sispann depi kòmansman ane a. Ayè dimanch 12 fevriye a, endividi ak zam kidnape twa fidèl “Première Église Baptiste de Port-au-Prince” ki twouve l nan anviwon Palè nasyonal.
Yon lòt gwo kou pou kidnapè yo k ap opere san kè sote nan peyi a, prensipalman nan rejyon metwopolitèn lan. Fidèl sa yo ki t ap rantre lakay yo aprè sèvis 6è30 nan maten, tonbe anba men kidnapè ki ale avèk yo
Endividi sa yo ki te gen gwo zam nan men yo, ale avèk twa fidèl sa yo ki t ap sòti nan legliz sa ki twouve l tou prè plizyè gwo enstitisyon piblik tankou Palè nasyonal, Kou siperyè dèkont ak Kou kasasyon.
N ap raple, an 2021, “Première Église Baptiste de Port-au-Prince” te pèdi yon manm li, dyak Sylner Lafaille bandi ak zam te asasinen nan perimèt legliz la pandan yo t ap tante kidnape l ak tout madanm li Marie Marthe Laurent.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Haiti Première Église Baptiste de Port-au-Prince