Bandi gang « 5 Segonn » anvayi zòn Pako

NetAlKole Publication
Par NetAlKole Publication
bandi gang « 5 segonn » anvayi zòn pako

Ensekirite a ki tabli kò l nèt sou teritwa a, tounen yon kat aksè pou gang yo ki pa sispann ap mete plis zòn anba kontwòl yo chak jou pi plis. Pako, ki chita nan kapital la Pòtoprens, prèske fin tonbe anba kontwòl gang, se sa nou rive aprann pa bò kote plizyè rezidan.

Alòske y ap okipe yon pati nan 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, bandi Vilaj de Dye yo, ki gen sou tèt yo « Izo », vle tabli baz yo nan zòn Pako, daprè temwayaj plizyè moun.

Yo rapòte, kriminèl yo ap opere anba anba nan lokalite sila ki gen kòm vwazen Tijo, Debisi, Bwa Patat, elatriye. San konte li pa lwen Palè prezidansyèl la tou.

Samdi swa menm rive genyen yon jenn fi ki viktim anba men kriminèl sila yo pandan yo t ap opere, pi wo nan Avni N nan, daprè temwayaj yon abitan zòn nan ki mande ret anonim.

Depi byen avan yo te vle tabli kò yo la, plizyè ka kidnapin te deja konn resanse nan zòn sila, ki te gen repitasyon lapè ak serenite lontan. Gang yo ki kòmanse vin opere la, lakòz anpil moun demenaje. Malgre patwouy lapolis ap fè la chak jou, sekirite a pa garanti.

N ap raple an jiyè 2022, lapolis te rive mete lapat nan kòlèt 6 endividi pami yo yon chofè chèf gang Vilaj la, « Izo », nan zòn Kwadepre, Pako. Yo te akize yo asosyasyon malfektè, vòl ak zam nan men, kidnapin epi asasina.

Netalkole Media (Anonim)

Facebook Comments

TAGGED: , , ,
Partagez cet article