Bandi Gran Ravin kidnape 2 moun

Bandi Gran Ravin Kidnape 2 Moun

bandi gran ravin kidnape 2 moun

Kidnapin nan kontinye ap vale tèren nan peyi d Ayiti, menm si li te konnen yon bès konsiderab akòz mouvman popilè ki genyen nan 4 kwen peyi a kont bandi yo. Ayè madi an, nan zòn Matisan, bandi ak gwo zam fann fwa kidnape 2 moun abò yon bis, se sa nou aprann.

Changeux Mehu ki se responsab APCH la (Association des Propriétaires et Chauffeurs d’Haiti) rapòte 2 moun bandi kidnape yo t ap ale Okay, nan depatman Sid peyi a. Toutfwa li pa di si se fi oubyen gason yo ye.

Jiskaprezan pa gen twòp detay ki bay sou dènye zak anlèvman sila ki fèt nan twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan kote yo lonje dwèt byen long sou bandi Gran Ravin yo kòm prensipal responsab.

N ap raple, aprè lansman “Bwa Kale” a nan dat 24 avril pase a, malgre nivo kidnapin lan te bese, sa pa t anpeche bandi ki nan Matisan mete lapat sou 2 moun ki t ap sot Okay. Pa gen pyès enfòmasyon jiska jounen jodi a ki di si yo jwenn libète yo ou pa.

Quitter la version mobile