Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Bandi Vilaj de Dye yo kidnape yon polisye

Share

Swit ak yon atak yo fè sou yon patwouy polis, bandi k ap opere nan Vilaj de Dye, nan Matisan, rive mete lapat sou yon ajan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Wi, ayè madi 17 janvye 2023 a, nèg ak zam ki sòti Vilaj de Dye atake yon patwouy polis pa twò lwen pòs ki rele « Kafeterya » a, pandan atak sila kriminèl yo rive blese pa bal yon polisye, san konte yo kidnape yon lòt ak tout machin enstitisyon polisyè a. 

Toutfwa nou rive aprann delenkan yo t ap pral abandone machin lan nan wout akòz li te tonbe an pàn, men sa pa anpeche yo rantre anndan Vilaj la avèk polisye konsène a – malerezman pa gen detay ki bay sou idantite l, san konte PNH la poko rapòte pyès enfòmasyon konsènan sa. Yon sèn ki raple tèt koupe echèk operasyon 12 mas 2021 an.  

Kiyès nan nou ki pral bliye vandredi nwa sa a ? Echèk operasyon 12 mas 2021 an pa gen parèy nan lis defèt PNH la kont bandi yo. 

5 polisye te jwenn lanmò yo anndan Vilaj de Dye nan yon fason trajik : bandi 5 Segond te krible yo ak bal, depatcha kadav yo ak manchèt epi menm fè kwè yo antere yo. Plizyè imaj sou rezo sosyal yo, sitou Facebook, te menm montre chèf gang sila ki se Izo, t ap esplike l sou sa ki pase a. 

Depi lè sa Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) absan nan zòn sila pou bay sekirite, san konte malerezman yo menm tou yo chita nan ranje viktim yo paske yo pa gen ase fòs ni kapasite pou fè fas ak kriminèl san fwa ni lwa sa yo k ap dirije tout 3zyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan depi kèk ane. 

Depi lè ensekirite tabli kò l kè pòpòz nan Matisan ak zòn ki anviwonnen l yo, pi fò moun fè komès sou lanmè, malgre sa yo viktim paske bandi Vilaj de Dye yo opere sou lanmè tou gras ak chaloup. Sa ki lakòz ni atè ni sou dlo pa an sekirite. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by