Barcelone pa p sanskyone nan zafè espò pou 1,4 milyon ewo li te bay abit la

Barcelone Pa P Sanskyone Nan Zafè Espò Pou 1,4 Milyon Ewo Li Te Bay Abit La

barcelone pa p sanskyone nan zafè espò pou 1,4 milyon ewo li te bay abit la

Sa gen plis pase 3 lane, FC Barcelone te bay komite k ap jere abit yo, espesyalman vis prezidan komite a José Maria Enriquez Negeria, yon valè sòm lajan ki evalye ak, 1,4 milyon ewo ant 2016 – 2018… Jodi jedi a, prezidan Liga a fè konnen Barcelone pa p sanksyone nan sa ki gen pou wè ak espò sou dosye sa.

Prezidan Liga a, Javier Tebas anonse sou rezo sosyal yo ak sit Liga a, klèb Catalan an pa p sanskyone nan sa ki gen pou wè ak espò, pou 1,4 milyon li te bay vis prezidan an k ap jere komite abit RFEF la.

« Nou dwe presize pou n fè konnen li pa posib pou nou sanksyone klèb la nan zafè espò, paske dosye sa pase depi 2018, sa gen 5 lane. Sanksyon yo konn bay aprè 3 lane; pou sa ki gen pou wè ak espò nou pa p ka sanksyone Barcelone. Men nan sa ki gen pou wè ak dwa penal,  se yon lòt koze. » Se sa prezidan Liga a deklare. »

Li kontinye pou l di :  » ministè afè piblik ap mennen ankèt pa l, pou li kapab wè si te gen koripsyon sou dosye sa, ak sa ki gen pou wè ak match ki te gen koken. Nap swiv pou nou wè kijan ankèt la ap fini. Nap pran yon desizyon aprè travay ministè afè piblik la ».

« Depi gen pwosè, n ap la, si pa genyen tou, dosye a ap klase ». Se nan sans sa li te mete yon bout nan anonse lan.

Quitter la version mobile