Barcelone sou wout pou l pran Liga a depi 2019

Barcelone Sou Wout Pou L Pran Liga A Depi 2019

barcelone sou wout pou l pran liga a depi 2019

Lakay Espanyòl, FC Barcelone kapab tou sakre chanpyon demen dimanch lan. Ekip Xavi a ap jwe fas ekip ki okipe 19èm plas nan klasman Liga a. Yon fè makan, se dènyè sezon Sergio Busquets ak Catalan yo. Mitan tèren an kapab fèmen paj istwa li ak yon tit sou mayo Blaugrana yo. Pou Antrenè a, Xavi :  » Busquets se pi gran jwè nan istwa FC Barcelone ».

Nan konferans pou laprès, antrenè Barcelone lan bay opinyon li sou Busquets ak tit Champyon an yo kapab selebre demen dimanch lan nan derby a fas ekip Espanyòl Barcelone lan.

Sou tit la nan Liga a, Xavi fè konnen :  » Nou ak 200%, m wè anvi ak atant pou n genyen an. Se yon tit ki enpòtan anpil pou klèb la, pou jwè yo ak estaf la. M paka tann pou m pran tit Liga sa a. »

Antrenè a te kontinye pou l pale sou pasaj Sergio Busquets nan klèb la : « Pou Busquets, li enpòtan anpil pou l kite klèb la ak yon tit. Se vre depa li a ap deranje ekip la, men li pran desizyon l. Se yon bon zanmi, se jwè ki pi entèlijan m te gen chans jwe epi antrene. Pou mwen, li te pafè, atitid li, jan l jwe, konpòtman l. M pap ba nou manti, se meyè jwè nan istwa Barcelone. M t ap kontan si m te wè li pran Balon dò a. »

Quitter la version mobile