“Batay pa batay” gouvènman an ap monte pri gaz la jan sa te anonse a 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
batay pa batay gouvènman an ap monte pri gaz la jan sa te anonse a 

Nan yon chita pale ak nasyon an dimanch 11 septanm 2022 a, Premye Minis Ariel Henry te anonse gouvènman l lan ap ajiste pri gaz la andedan ponp yo nan peyi a. 

Jan sa anonse a, daprè yon sous nou ka fè konfyans, gouvènman Ariel Henry a pandan yon bat bouch ak konsèy minis li a, te deside fikse pri gazolin nan a 570 goud pou yon galon, dyezèl la pase a 670 goud epi kewozèn nan a 665 goud pou yon galon. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li enpòtan pou n raple, depi lendi 12 septanm 2022 a, popilasyon an, aprè yo fin aprann entansyon gouvènman an pou ogmante pri gaz la, te toutswit lanse mouvman “Peyi Lòk” la, pou anpeche dirijan yo ajiste pri gaz la nan ponp yo, se kòmsi Ariel remete gaz sou kawotchyou dife pwotestatè yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.