« Bwa Kale »: plizyè moun mouri nan Jalouzi

« Bwa Kale » Plizyè Moun Mouri Nan Jalouzi

« bwa kale » plizyè moun mouri nan jalouzi

Aprè popilasyon an fin idantifye yo kòm manm gang « Ti Makak », plizyè jenn gason jwenn lanmò yo nan Jalouzi, yon bidonvil ki sitiye nan komin Petyonvil.

Madi 02 me 2023 sa a nan Jalouzi, plizyè prezime bandi mouri anba kout baton ak manchèt yon pati nan popilasyon an. Sila ki abite nan zòn nan fè konnen yo te vin kache nan zòn nan.

Yon sous rapòte n yo te omwen 6 ki te vin kache nan katye Jalouzi. Yon videyo amatè menm montre yon foul moun ki akonpaye konsène yo avan  yo te ale touye yo.

N ap raple se plis pase yon santèn bandi, popilasyon an konsidere kòm bandi, yo kalonnen ak wòch, louvri kout manchèt sou yo ak boule yo ak kawoutchou pandan mouvman popilè « Bwa Kale » ki gen nan lari a depi kèk tan.

Depi dat 24 avril la, aprè fòs lòd sou komisarya Kanapevè yo te arete yon ti bis ki t ap transpòte 14 nèg ak zam, popilasyon an pa vle wè etranje nan zòn bò lakay yo. Depi w parèt sispèk nan zye yo w ap viktim.

Quitter la version mobile