Chanjman nan Direksyon ONA ak CONATEL

Chanjman Nan Direksyon Ona Ak Conatel

chanjman nan direksyon ona ak conatel

Nan yon arete gouvènmantal ki pibliye vandredi 10 fevriye 2023 a, Premye minis Ariel Henry nonmen Marguerite Berthe Marescot ak Joses Jean Baptiste pou pran tèt respektivman ONA ak CONATEL.

Nan kad aplikasyon dokiman Konsansis nasyonal ki te pibliye nan « Moniteur » 3 janvye ki sot pase a, gouvènman Ariel Henry an kòmanse ak chanjman nan administrasyon piblik la. Madam Marguerite Berthe Marescot nonmen kòm Direktris ONA, Joses Jean Baptiste pral pran tèt CONATEL.

Madam Marescot ki se yon kad nan Bank santral, ranplase nan tèt ONA Jemley Marc Jean-Baptiste ki pa t sispann resevwa kritik pou fason l t ap jere enstitisyon an. Nan menm arete sa, Joses Jean Baptiste nonmen kòm Direktè CONATEL nan plas Jean Mary Guillaume ki mouri nan mwa janvye ki sot pase a.

Avèk siyati dènye akò politik sa ki pibliye nan jounal ofisyèl « Moniteur » pandan kòmansman ane a, chèf gouvènman an, Doktè Ariel Henry, kapab fè plizyè lòt chanjman nan administrasyon piblik la nan lide pou aplike divès angajman ki pran nan akò sa.

Quitter la version mobile