Chelsea ak Benfica valide biyè yo pou pwochen tou Lig dè Chanpyon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
chelsea ak benfica valide biyè yo pou pwochen tou lig dè chanpyon an

Nan premye jounen match retou Lig dè Chanpyon yo, Chelsea ansanm ak Benfica Lisbonne, jwenn kalifikasyon yo jodi madi an, pou kadefinal konpetisyon an, aprè bèl viktwa yo fè respektivman sou Borussia Dortmund (2-0) ak Club Brugge (5-1).

Yon jounen Lig dè Chanpyon ki bay de premye kalifye yo pou pwochen tou konpetisyon an avèk bèl viktwa londonyen yo (2-0) sou Borussia Dortmund nan Stamford Bridge la gras avèk Raheem Sterling nan fen premye mitan an (43’) epi Kai Havertz sou pennalite nan 53èm minit.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lòt bèl operasyon jounen an fèt nan peyi Pòtigal, Lisbòn, avèk Benfica ki kraze nan Estádio da Luz la, Club Brugge (5-1) avèk prensipalman yon double pou atakan potigè an Gonçalo Ramos nan tan adisyonèl premye mitan an, epi 53èm minit. Klèb potigè an ki te deja genyen match ale an (2-0), ranpli yon senp fòmalite pou kalifikasyon yo pou pwochen tou Lig dè Chanpyon an.

Chelsea ki te sou yon seri 6 match san genyen depi kòmansman ane an, anrejistre yon dezyèm siksè youn aprè lòt ki pèmèt yo kalifye pou kadefinal Lig dè Chanpyon an, aprè yo te fin pèdi match ale an lakay Dortmund (0-1).

Klèb londonyen an ki te gen gwo difikilte pou fè gòl sou dènye match yo, enskri jodi madi an nan uityèm definal retou Lig dè Chanpyon an de gòl nan yon menm match pou premye fwa depi ane an kòmanse kote yo genyen yon bilan katastwofik avèk sèlman 3 viktwa sou 13 match yo jwe yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.