Deklarasyon Antonio Guterres, sou selebrasyon jounen entènasyonal Latè, 22 avril sa

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
22 avril sa, se jounen entènasyonal latè (1)
Jodi a mond lan ap selebre jounen entènasyonal Latè. Premye selebrasyon sila te fèt nan dat 22 avril 1970. Antonio Guterres ki se sekretè jeneral Nasyonzini te pwofite okazyon sila a pou pote yon mesaj refleksyon pou limanite.
Nan okazyon selebrasyon sila a, Antonio Guterres envite tout moun atravè mond lan pou yo fè tande vwa yo nan lide pou egzije entans k ap dirije yo pou yo fè lapè ak lanati, epi pou yo reflechi sou relasyon limanite genyen ak lanati.
Nan mesaj li, responsab la endike “se nan aksyon n ap poze, nou ravaje forè ak jeng yo, tè agrikòl ak zòn imid yo, oseyan, resif koralyen, rivyè ak lak yo”.
Antonio Guterres di l regrèt divèsite biyolojik la k ap efondre lakòz yon milyon espès pa lwen etenn. Li ensiste “peyi yo ta dwe sispann fè gè tout tan, ki san sans kont lanati”.
« An nou tout aji, nou chak la nan nivo pa nou, pou n pwoteje kay nou genyen ansanm nan, pou byen limanite ak planèt la, pou jodia ak jenerasyon k ap vini yo. Nou gen zouti, konsènans ak solisyon nesesè. Men nou dwe akselere kadans lan », toujou daprè deklarasyon sekretè jeneral Nasyonzini an.
Chèf Nasyonzini an mande pou lèzòm enspire yo de pèp otoktòn yo ki gen sajès, konesans ak konn kijan pou yo konpòte yo. Yo menm k ap jere anviwònman an byen depi plizyè milenè, epi yo genyen yon gwo pati nan solisyon kriz mondyal klima ak byodivèsite a.
Li envite tout ras ki genyen sou planèt la pou yo fè vwa yo pase, swa nan lekòl, travay, nan kominote yo konfese yo oubyen sou rezo sosyal yo, pou mande enstans yo k ap dirije mond lan pou yo fè lapè avèk lanati.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.