Depi kilè w jwenn kouran lakay ou ? 

Depi Kilè W Jwenn Kouran Lakay Ou  

depi kilè w jwenn kouran lakay ou  

Aktyèlman nan peyi d Ayiti moun yo swaf kouran tankou yo swaf sekirite ak dlo. Depi plizyè jou divès kwen nan zòn metwopolitèn lan totalman nan fè nwa. Keseswa nan sant vil, Dèlma, Petyonvil, Taba, elatriye, tout moun ap mande yon sèl bagay : « kote kouran, kote Ed’H ! » 

Pòtoprens pa sèlman plonje nan ensekirite, li plonje nan fè nwa tou. Depi zafè pwogram kouran 24/24 ansyen prezidan Jovenel Moïse la, w pata di se yon malediksyon blakawout ki tonbe sou peyi d Ayiti, mete sou sa Elektrisite d Ayiti (Ed’H) pa janm ka pote yon solisyon efikas. 

Plizyè kontribyab, ak moun k ap fè pwotestasyon yo pase sou rezo sosyal yo, pa mete dlo nan bouch pou kritike enstitisyon sila ki pa itil anyen daprè yo menm, men ki toujou la pou voye bòdwo ale nan kèk zòn chak mwa. Genyen nan yo ki sou plizyè semèn depi yo pa wè kouran, genyen se mwa, epi dènye kategori a pakonn sak rele kouran paske yo pa janm kwaze ak bagay sa nan vi yo. Ni anpoul ni tele yo pa janm limen. 

Si depi kèk jou plizyè moun nan kapital la Pòtoprens ap mande kote kouran an, Ed’H pa bò kote pa l tante reponn konsa : “Elektrisite d Ayiti (EDH) vle enfòme abone li yo nan aswè samdi 3 mas 2023 a, moun ki gen gwo zam te anvayi sou estasyon Kafoufèy la, sou pretèks zòn yo pa gen kouran. Teknisyen sèvis yo ansanm ak ajan sekirite yo te resevwa menas e yo te oblije abandone lokal la. Endividi sa yo te sakaje bilding nan epi yo te vandalize ekipman operasyon yo. Kòm yon rezilta, sou estasyon sa a vin pa fonksyone epi yon bon pati nan zòn metwopolitèn Pòtoprens pa apwovizyone.” 

Konsa Ed’H prezante eskiz li pa bò kote abone Kafoufèy, Savann Pistach, Dekayèt, Wout des Dalles, Ri Fouchard, Fò Mercredi, Caridad, Ri Monseyè Guilloux, Avni Christophe, Chemen des Dalles, Ri Capois, HUEH, Chanmas ak zòn ki anviwonnen l yo tankou, Plas Jérémie, Avni Magloire Ambroise, Avni N, Turgeau, Pacot, Debussy. 

Yon lòt kote, Elektrisite d Ayiti lanse yon apèl ijan bay otorite konsène yo pou yo kòmanse yon ankèt pou idantifye moun ki fè aksyon sa yo ki lage abone yo ak popilasyon an nan blakawout. Li tou pwofite bay abone yo asirans yo dispoze pou yo kòmanse reprann sèvis pi vit posib, epi mande pou yo ede yo nan pwoteje ekipman Ed’H yo. 

Quitter la version mobile