Categories: IMMIGRATION

Depòtasyon san papye: Dominiken yo revòlte epi deklare Lèzetazini ap fè presyon sou yo

Share
Prezidan Enstiti Duartino a, Wilson Gómez fè konnen divès deklarasyon anbasad Lèzetazini fè sou zafè ekspilsyon san papye yo sou teritwa dominiken an, se nan lide pou fè presyon sou otorite yo.
Responsab la, ki jwenn sipò plizyè Dominiken, deklare akizasyon Lèzetazini yo « pa egzat ». Anbasad amerikèn an Repiblik dominikèn bay manti lè l deklare Direksyon jeneral migrasyon an (DGM) ap ekspilse moun ki pa gen papye yo jis pou koulè po yo.
Li te di tou daprè deklarasyon misyon an, nenpòt moun ki pa abitye ak makiyaj etnik dominiken an ka twonpe nan panse “Dominiken yo se blan, lè an verite, Dominiken yo se fizikman rezilta yon melanj plizyè ras.
Responsab Enstiti Duartino a deklare pa genyen diskriminasyon, ksenofobi ak rasis an Repiblik dominikèn, se jis lòd k ap mete nan dezòd.
M. Gómez di Lèzetazini ekzajere lè l di ajan DGM yo kenbe plizyè sitwayen afwo ameriken jis paske po yo nwa. Li revele menm Dominiken yo sibi gwo seyans entèwogasyon ki bay anpil reta nan ayopò yo lè y ap vwayaje. Otorite dominikèn yo gen dwa sa, daprè responsab òganizasyon non gouvènmantal la.
N ap raple, deja nan kòmansman semèn nan Repiblik dominikèn te voye jete byen lwen akizasyon rasis ak diskriminasyon Lèzetazini yo atravè Ministè Afè etranjè li (Mirex).
Mirex te deklare tèm deklarasyon sila yo kontredi bon jan relasyon bilateral ki genyen ant Repiblik Dominikèn ak Etazini nan tout domèn. Sa a ka gen yon enpak negatif sou plizyè milye travayè Dominiken, ansanm ak sou ekonomi peyi a, byenke se pa objektif la sa.
Repiblik dominikèn di lè sa posib li espere gouvènman ameriken an anvizaje retire tèm sa yo ki pa verifye nan deklarasyon sila ki gen plizyè sans.
Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by