Derby ane 2000 ant Milan-Inter, Milan tounen pou bon nan Champions League la sezon sa

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
derby ane 2000 ant milan inter, milan tounen pou bon nan champions league la sezon sa

Aprè Milan fin retire Naples nan Champions League la, jodi mekrèdi a, se tou pa ekip Inter Milan, kote l eliminie ekip Benfica aprè yon match fou (3-3). Ekip Inzaghi a rive nan demi final Champions League la, kotel pral afwonte Milan, 10 Me ak 16 Me 2023, se pral batay ale ant pami 2 gwo ekip Serie A.

Aprè yon rankont tèt chaje (3-3) ekip Inter rejwenn Milan AC nan demi final Champions League la sezon sa. Nerazzuri yo te rive fè travay yo depi match ale a, lakay Benfica Lisbonne, yo te genyen klèb potigè a (2-0). Bitè yo pou rankont jodi a se : Nicolo Barella (14zyèm), Lautaro Martinez (65kyèm) et Joaquin Correa (78tyèm) pou Inter Milan, epi pou Benfica : Fredrik Aursnes (38tyèm ), Antonio Silva (86zyèm) ,Petar Musa (90zyém+5).

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre Inter Milan pa fin konfòtab nan chanpyona, yo 4triyèm, sa pa anpeche yo jwenn biyè yo pou demi final Champions League la sezon sa. Dènyè fwa 2 klèb Italyen sa yo rive nan nivo sa se te nan lane 2017.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive