Donatè ki te patisipe nan « GoFundme » pou pitit Mikaben yo, mande retounen lajan yo ba yo

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
donatè ki te patisipe nan gofundme pou pitit mikaben yo, mande retounen lajan yo ba yo
Madanm defen Atis ayisyen an, Michael Benjamin, nan yon videyo ki dire kèk minit sou paj  Instrgram li, remèsye tout donatè ki te patisipe nan « GoFundme » pou pitit atis la ak fondasyonl lan ki rele TiSouf. Vèv Mikaben nan revele gen moun ki te patisipe nan « GoFundMe » sa a ki mande pou yo remèt yo lajan yo.
Vanessa Fanfan Benjamin, nan ti bout videyo sa, te pran ti tan pou remèsye tout moun ki te toujou ap demontre lanmou anvè li, aprè  lanmò defen mari li, tout pandan li te pran ti tan pou li remèsye tout moun ki te kontribiye nan « Mika’s Legacy”, ki te lanse nan dat ki te 20 oktòb nan lane ki sot pase a.
Sepandan, Manman 2 pitit Mika yo, fè konnen « GoFundMe » sètènman te kolekte frè li yo kòm òganizasyon ki te òganize pou ranmase lajan an, men gen kèk moun ki te mande pou  yo retounen lajan yo ba yo, sa ki te fè Vèv la desi anpil.
Se sak fè, Vanessa Fanfan Benjamin di, kantite lajan yo kolekte a pa reflete kantite total yo te espere a.  Men sepandan, malgre tout bagay, Madan Benjamin fè konnen kòb yo resevwa a pral sèvi pou satisfè bezwen edikasyon 3 pitit Mikaben yo ak fondasyon san bi likratif li ki rele TiSouf, jan sa te prevwa fèt la.
Mete sou sa, vèv Mikaben nan te afime tou, frè inivèsite yo pou timoun Mika yo te peye, epi li te di tou avèk montan total ki te kolekte yo, pwofesyonèl k ap travay sou non fondasyon an te tou touche.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.