Categories: MUSIQUE

Drake, rapè yo plis tande sou Spotify pou lane 2023 a

Share

Drake pa sispann ejemoni li gen sou rap la nan lemond. Pou lane 2023 a, li se rapè oditè yo plis tande sou platfòm ki rele Spotify la.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nou pa ka pale de “stream” san n pa pale de Drake. Lane ki fenk al fè wout li a, rapè kanadyen an te depoze men l sou li. Sa fè 7 lane youn kole ak lòt li fini rapè yo plis tande sou Spotify. Drake chita dominasyon l sou rap la.

Champagne Papi byen pozisyone nan klasman atis ki gen plis ekout yo pandan tout ane a, men okenn rapè pa kontabilize plis ekout pase l. Drake depase 17 milya stream sou platfòm lan pou sèl bout lane 2023 a.

Nan mwa desanm lan, rapè 37 lane a te vini premye atis ki depase 90 milya stream sou platfòm lan. Nan menm mwa sa, natif Toronto a te vini premye rapè ki gen 3 mizik ki depase 3 milya stream sou Spotify.

Drake pa sispann mete rekò sou rekò. Èske rapè a pral domine lane 2024 la menm jan an ?

Jephte Pascal

Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.

Leave a Comment
Published by
Tags: Drake Musique Rapè Spotify