Eksizyon : yon pratik ki gen gwo konsekans sou lavi seksyèl fanm nan lemond

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
eksizyon yon pratik ki gen gwo konsekans sou lavi seksyèl fanm nan lemond

Peyi Ganbi ta sanble sou wout leve entèdiksyon ki genyen sou pratik eksizyon. Yon desizyon ki leve deba sou pratik sa ki sispann parèt yon fleyo pou lavi seksyèl fanm kèk kote nan lemond.

Eksizyon se yon pratik kote yo koupe youn oubyen kèk pati nan aparèy jenital yon fanm. Yo kapab retire klitoris fanm lan (sa nou rele krèk la pa bò isit), genyen moun ki ale pi lwen nan pratik sa kote yo atake gwo lèv yo ak ti lèv yo nan ògàn jenital femèl la. Pi rèd toujou, yo konn retresi tou kote fanm nan pipi a. Se kat (4) tip eksizyon OMS rekonèt.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se yon pratik ki gen tandans kontwole kò fanm, pou n pi klè plezi seksyèl yo. Pratikan yo konsidere klitoris la tankou yon ògàn ki malsen epi danjere. Gen plis pase 200 milyon fanm nan lemond ki sibi eksizyon. Anpil nan yo kontre avè l depi tou piti epi se lè y al vizite jinekològ yo dekouvri sa.

Eksizyon se yon gwo vyolasyon dwa fanm. Nan menm tan, li gen gwo konsekans fizik sou moun ki sibi l. Anplis kochma operasyon sa ye a, li ka ba l doulè souvan, emoraji, enfeksyon oubyen pwoblèm pou l pipi. Sa konn rive fè gen fanm ki abandone lekòl akoz yo wont pou dènye pwoblèm nou site a.

Nan peyi tankou Lafrans, gen operasyon ki la pou repare yon moun ki te eksize. Moun nan pa gen pou l peye yon goud pou sa. Sa vin pran an kont sansibilizasyon mari an paske aksepte fanm nan repare l nan ka sa se aksepte tou li pa ase konpetan pou l satisfè dezi seksyèl madanm li. Malgre sa, batay medam yo kont eksizyon p ap fini nan peyi sa.

Kisa klitoris la ye menm antanke ògàn seksyèl ? Nou ka di se la plezi fanm nan chita menm paske li gen nenpòt 8000 tèminezon nè ladan l. Se yon ògàn ki kite sansib dèyè. An konparezon, peni an li menm gen anviwon 4000 tèminezon nè. Li pi fasil pou yon fanm atenn ògas li lè yo stimile klitoris li ke lè yo penetre l.

Klitoris la tou gen posiblite pou l bande paske lè fin a eksite san desann ladan l e sa fè l gonfle. Se, pou anpil fi, ògàn ki kapab fè yo rive nan syèl yo reve a pi fasil. Kidonk, retire yon ògàn konsa nan kò yon fanm, se touye lavi seksyèl li granm bonè. Men, èske n dwe bliye n ap viv nan yon mond ki deside montre fi kijan pou l viv ?

 

Source Photo: LaPresse.ca

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.