Endividi ak zam leve majistra Ikenson Edumé

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
endividi ak zam leve majistra ikenson edumé
Endividi ak zam kidnape nan aprèmidi 20 mas 2023 a, nan komin Petyonvil, Majistra enstriktè Ikenson Edumé ki se egalman prezidan yon asosyasyon majistra nan peyi an.
Daprè enfòmasyon nou kapab konfime, jij enstriksyon Ikenson Edumé twouve l depi anviwon 48è nan men kidnapè ki ta leve l nan komin Petyonvil, ki depi kèk tan, ap sibi zak teworis bandi ak zam.
Ikenson Edumé ki te nan tèt Rezo nasyonal majistra ayisyen yo (RENAMAH), te gen avèk li manman youn nan pitit li yo nan moman zak sa kote endividi yo ale ak li san enkyete.
Toutfwa, okenn enfòmasyon pa bay sou kantite kòb ravisè yo ta mande pou libere majistra a, n ap raple, ki pami trantèn jij CSPJ pa t sètifye nan fen ane 2022 an.
Me Ikenson Edumé se te egalman pwofèsè « Dwa afè » nan Fakilte dwa ak syans ekonomik (FDSE) anndan Inivèsite Leta a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.