Depi premye jou nan lane 2023 a, pa t gen okenn siy ki te montre yon amelyorasyon nan sitiyasyon sekirite akablan peyi a ap fè fas la. Okontrè, li te montre sa ap pi difisil. Kriz sosyo politik ak sekirite nan peyi a toujou pèsiste epi li vin pi grav. Ak yon lavi chè san parèy, lagè gang ak lapolis, gang ak gang, san bliye ka kidnapin yo ki ap ogmante chak jou pi plis. Yon sitiyasyon ki pouse plizyè enstitisyon nan peyi a ap fèmen pòt yo.
Ka kidnapin yo nan peyi a, pa sispanm miltipliye chak jou k ap pase. Nan kapital ayisyen an, rezidan yo pa ka deplase lib, paske yo pè pou yo pa viktim, swa pou yo pa kidnape yo, oswa pou yo pa mouri, yon sitiyasyon ki fè pifò sitwayen yo pè mache nan lari. Machann yo, pwofesyonèl nan tout domèn, timoun lekòl ak etidyan yo, se sèl sib kidnapè yo, ki mande gwo sòm nan men fanmi yo pou yo lage yo, lè yo kidnape yo.
Se sak fè, anpil enstitisyon nan peyi a tankou, lekòl, inivèsite, lopital, elatriye… deside fèmen pòt yo.
Nan sant vil Pòtoprens lan, byen bonè madi a ki sot pase a, plizyè nèg ak gwo zam te kidnape yon papa ak pitit fi li pa lwen lekòl li, daprè kèk enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon nou an. Mete sou sa, nan dat ki te jedi 2 Mas 2023 a, gang ak zam te kidnape yon paran ak pitit fi li, andedan enstitisyon Sacré Cœur ki chita kò l sou zòn Turgeau a, sa ki te pouse entitisyon an fèmen pòt li.
Yon lòt bò, gen kèk inivèsite nan Kapital peyi a, ki deside fè kèk kou an liy, nan lide pou pwoteje etidyan yo akoz kidnapin nan ki ap vale teren nan peyi a, espesyalman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.
» Inivèsite a te te louvri pòt li lendi an, men nou te jwenn kèk menas, epi gen yon etidyan yo te manke kidnape, sa vin fè nou pè vin nan inivèsite a, sitou lè nou gen kou ki ap fini nan nwit, tankou 7è nan aswè », te eksplike yon etidyan nan inivèsite Quisqueya ak redaksyon NetAlKole Média, anvan li te kontinye pou l fè konnen » plizyè pwofesè deside pa fè kou yo prezansyèl ankò, men, yo pito voye yo an liy, konsa, n ap rete swiv kou yo lakay nou ».
Vrèman vre, dènye tan sa yo, nèg ak zam yo opere ak fasilite nan peyi a, san yo pa jwenn okenn opozisyon nan men lapolis. Plizyè kote nan Kapital la lage san kontwòl lapolis, kote se bandi kap fè lalwa, epi kidnape sitwayen Ayisyen yo.
N ap raple, Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) pa pibliye okenn kominikasyon ofisyèl fas ak miltiplikasyon ka kidnapin yo nan peyi a.
Facebook Comments