Enstiti Fransè an ayiti anonse li reprann aktivite kiltirèl li yo

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
enstiti fransè an ayiti anonse li reprann aktivite kiltirèl li yo
Samdi 02 mas ki sot pase a Enstiti Fransè nan peyi Ayiti anonse lap reprann aktivite kiltirèl li yo apati madi 7 mas 2023 apre yon bon tan san programasyon kiltirèl .
Sant kiltirèl la ki gen pou selebre pandan mwa mas la jounen entènasyonal dwa fanm ak ventuityèm edisyon semèn lang Fransè ak frankofoni ,nan yon piblikasyon sou paj fesbouk li fè konen lap reprann ak aktivite kiltirèl yo epi li tou profite pataje kalandriye aktivite sila yo ki ap fèt sòti 7 rive jouk 30 mas 2023.
Pòtrè,pèfòmans ,spektak, konferans se kèk nan aktivite ki ap genyen pou fèt tout pandan mwa sa. Aktivite sa yo ap fèt swa anliy swa an prezans piblik la selon menm piblikasyon sa .
Anons sa ta dwe yon bon nouvel pou mond kiltirèl la, anpil  atis e moun ki renmen lakilti pral rejwenn aktivite enstiti Fransè konn gen abitid òganize yo .Nap raple sant kiltirèl la  se youn nan sant ki  enpotan nan domèn kiltirel nan peyi men akoz sitiyasyon peyi a li rive anile aktivite  epi modifye fonksyonman li plizyè fwa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média