Èske fanm ki malerèz ka feminis ?

Revital Lynch
ParRevital Lynch
Èske fanm ki malerèz ka feminis

Mouvman feminis lan gen kèk lane depi lap kreye gwo deba an Ayiti, nan dènye lane sa yo, anpil fanm idantifye tèt yo kòm feminis. Men anpil nan yo pap regle lòt aktivite ke prezante videyo kòm enfliyansèz sou Tik Tok ak Instagram. Sa pouse refleksyon nou ale pi lwen e menm poze kesyon èske yon fanm ki pa gen pyès revni ka feminis ?

Avan nou ale pi lwen, li enpòtan pou n defini mo feminis lan. Gwo zotobre nan koze sosyoloji yo fè konnen, yon feminis se yon moun ki fè pati yon mouvman politik kap batay pou fanm an gason egal ego tankou tokay. Nan yon sans pi avanse, feminis yo la pou plase agiman k ap defann inegalite ak enjistis fanm ap sibi nan yon sosyete, konsa tou yo pwopoze kèk modalite sou fason yo ka transfòme kondisyon medam yo ap viv. Pami modalite sa yo, n ap jwenn refleksyon ki chita sou tewori ak refleksyon, etid ak pwopozisyon politik ak sosyal.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mouvman feminis lan gen divès fasèt, pami yo gen lit tout kalite ki chanje fòm sitou nan peyi ak sosyete mouvman an ap evolye a. Tankou an Ayiti ak anpil lòt peyi, nou remake mouvman sa souvan vize gason, se tankou n ta ka di se sèl gason ki ap komèt zak malonèt sou fanm yo. Gen kèk moun ki depase limit e menm rive nan bese valè gason. Wap jwenn refleksyon sa yo kay yon pakèt moun yo idantifye kòm feminis ekstremis.

Anpil nan feminis ekstremis sa yo ta vle fè konprann, yon fanm pa dwe kite yon gason gen priyorite sou li, menm si se mari l, mòd refleksyon sa yo konn menm rive nan yon pwen li pouse fanm ap desann valè gason.

Sou rezo yo, n ap remake gen anpil jèn fanm ki rantre nan suiv kouran sa. Si n byen konprann medam sa yo pou yon fanm gen valè se pa sèl egal ak gason men fòk li plis ke gason an. Lojik tokay la vin pèdi tout sans li, se tankou menm, fanm dwe pi enpòtan ke gason. Èske se yon bon lojik ? N ap kite repons kesyon sou pou lektè yo reponn nan kòmantè.

Pou n tounen sou koze egal ego a, pa gen deba sou sa, deklarasyon dwa moun ki te pibliye jou ki te 10 desanm 1948 la fè konnen “tout moun fèt lib egal ego…” Donk ni fanm ni gason se tokay daprè sa pawòl la di.

Men nivo refleksyon kèk feminis fè konprann fanm lan dwe endepandan, lojik sa anpil jèn fanm kore l. Dayè, pou Dieunane, si de moun ansanm yo chak gen revni pa yo, solisyon pwoblèm yo ap vini pi fasil. Gen kèk lwa ki rekonèt gason an, pou n di mari a dwe toujou pran responsabilite l, okipe madanm li jan sa dwe fèt menm si fanm nan gen pwòp revni l. Nan sa ki gen pou wè ak koze fanmi an, se tankou yon piramid, mari a vin an premye, madanm lan epi tomoun yo. Pa gen pyès kontraryete ak egalite nan koze sa. Men pou feminis ekstremis yo, pouvwa sa dwe bisefal.

Konsa medam ekstremis yo vle fè konprann depi fanm lan gen mwayen ak kapasite pou l jere tèt li gason pa pi enpòtan ke sa, yon lide yon jèn fanm yo rele Sara kore ak tout fòs li. Gen anpil lòt jèn fanm ki kanpe dèyè lide sa. Èske se yon pwoblèm ? Yon lòt kesyon lektè yo ka bay opinyon yo sou li. Nou prefere chita sou kesyon atik sa ap debat la : èske yon fanm ki malerèz ka feminis, sitou sou ang ekstremis yo souvan prezante mouvman feminis pa yo a ?

Pou n reponn kesyon an, n ap prezante mo malerèz jan anpil moun nan sosyete sa wè l. Yon fanm ki malerèz se sitou yon moun ki pap leve ni lou ni leje, li pa p regle anyen kòm aktivite ki ka rapòte l menm yon goud nasyonal.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ankèt nou mennen ede n konprann pifò enfliyasèz sou rezo yo se jèn fanm ki sòti nan 16 lane rive nan 26 ak 27 lane. Yon pati ladan yo posede yon telefòn swa yon mennaj te fè yo kado ou byen yon dyaspora te voye ba yo an Ayiti. Gen yon seri ki gen yon iPhone ki se sèl byen yo. Kòmanse sou fenomèn plan entènèt la, se yon top up yo fè pou yo pou yo ka fè plan. Gen anpil nan yo ki pa ka pase yon semèn pou yo pa takse nèg ki nan vi yo a pou piti yon ipololit.

Gen yon lòt kategori ki chita Sendomeng, ki pa gen lòt opsyon ke tann atresko a sinon kote y ap dòmi an pa p peye. Gen yon lòt pati tou ki machann cheve menm si se nan tèt yo ak sou estati whatsapp yo sèlman ou wè cheve sa yo. Men medam sa yo pran san yo pran tan yo gade kèk moun k ap fè videyo sou rezo yo sou pretèks yo se feminis. San analize kontni yo, yo menm yo tonbe nan fè videyo pa yo kòm enfliyansèz feminis pou desann valè gason. Anpil nan yo kwè yo enpòtan paske yo gen yon kont Instagram ki depase 50 mil moun, paske y ap fè milyon views sou Tik tok ki pa rapòte plis ke kèk like.

“Genyen ki pa p jennen pandan y ap klewonnen yo feminis, pou y ap mande w fè yo kado 10 000 goud pou yo peye lekòl”, selon sa Kerby* temwaye, yon jèn gason ki te nan yon relasyon ak yon jèn fanm ki prezante l kòm feminis men ki pa t sispann pran l pou bank ak ATM.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Manzè pa janm pa bezwen w met yon ti minutes pou li, li toujou bezwen bae voye yon mil goud pou li sou moncash”, toujou selon temwayaj menm jèn gason sa.

Kesyon èske malerèz ka feminis lan ? Te leve plim sou do kèk medam ki di yo feminis, men lè deba ak echanj fin fèt, sila ki gen bon sans yo konprann kesyon an. Sitou sou ang nouvo kouran feminis kèk moun ap eseye enplante an Ayiti jounnen jodi a. Gen nan yo ki menm rive ri paske lojik la gen tout enpòtans li.

“Kòman w fè feministe pou m rele w nan telephone wap reponn mwen appel la ak yon baye, jis pou w di m ou pa sou anyen ?” kesyon Richardson te poze lè nou te envite l patisipe nan sondaj la.

Gason kou fanm pa rive admèt nouvo kouran feminis sa k ap devlope a, pou yo se yon move bagay pou jèn ti fanm yo kap grandi nan sosyete a. Li lojik pou yon fanm chwazi mennen yon lit, suiv yon mouvman politik ki gen sans. Men kanpe dèyè yon bagay menm ou menm ou pa ka kenbe nivo a se yon déception.

Li enpòtan pou n mande tèt nou èske feminis se yon mouvman pou defann dwa fanm oubyen pou desann valè gason ? Kesyon sa pouse n tounen sou yon agiman Sara, nou te site pi wo nan atik la, ta avanse pou l di li dwe mennen lit feminis la paske gason twò mechan. Malerezman li chwazi goumen kont gason men pa pou dwa fanm, paske se pa gason sèlman ki rann enjistis nan sosyete a kont fanm.

Gen yon lòt kategori jèn medam ki pa gen kran ase pou kanpe dèyè pozisyon yo pran nan oryantasyon yo nan koze sèks, yo rale boukliye feminis yo mete devan, sèvi ak mouvman an tankou yon dra pou kouvri peche yo. Sa medam sa yo ta dwe konnen se travay sou pèsonalite yo plis pou aprann kanpe dèyè desizyon yo.

An reyalite, yon feminis se yon eleman ki ta dwe la pou asiste fanm nan lit y ap mennen pou libète yo ak egalite yon sistèm gwo zotobre yo deja tabli pou lese konprann fanm pi fèb ke gason, yon feminis ta dwe plis mete aksan sou ti pwen esansyèl sa, fanm ak gason se de eleman youn dwe konplete lòt, yon filozofi ki pi pozitif ke bese valè gason.

Si endepandans yon fanm ak rezon li pran estati feminis li chita senpman sou baz li pa sou kont gason, li lojik pou n di medam ki pa p regle anyen yo pa ta dwe ap klewonnen yo feminis, sitou lè lajan lace, lajan iPhone, lajan maniki ak pediki, lajan rad l ap mete lè yo envite l sòti a, lajan moto pou l rive kote l la, tout se sou kont nèg la.

Men si n ap pran bon sans koze feminis lan, nou ka di tout fanm kapab feminis pou n byen di tout moun ka feminis, sitou si w pa tolere enjistis. Defann yon kòz pou ede sosyete a pran manm li epi fasilite yon kouch moun jwi privilèj yo se yon bon bagay, men rantre nan yon lojik dramatik kote ilizyon se sèl mayestwo òkès la se plis mal li ka fè mouvman menm si li ta ka pi bon, pi bèl inisyativ la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.