Fontamara : Fondatris lekòl KCMA a, Madam Marie André rann dènye Souf li

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
fontamara fondatris lekòl kcma a, madam marie andré rann dènye souf li
Marie André, ki se fondatris kolèj katolik  » Marie André » ki chita kòl nan Fontamara 43, fè vwèl pou peyi san chapo nan dat dimanch 12 fevriye 2023 a. kolèj la ki pote non fondatris la Marie André Se youn nan pi gwo lekòl katolik ki nan twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan.
Etablisman sila a konnen yon moman dèy nan dat 12 fevriye a. Daprè deklarasyon yon paran, nouvèl la pa simaye jan sa ta dwe fèt la, se youn di lòt.
« Bon se pa yon nouvèl ki simaye non, se nan bouch yon moun m aprann sa, responsab lekòl la pa di moun anyen sou sa, poutan gen moun ki konn sa ki gentan lagel sou facebook, kòm timoun yo ap konpoze gen dwa se rezon sa ki fè yo chwazi pa di moun anyen an » te deklare youn nan paran yo.
Paran an kontinye pou l di  » Te gen yon fèt ki te dwe fèt ayè 14 fevrivye a, responsab yo oblije anile l, se rezon sa ki fè anpil moun te kòmanse sispèk gen yon bagay, paske depi pral gen yon aktivite lekòl la, responsab yo toujou voye plizyè papye pou nou, nan lide pou yo ka raple nou ».
« Marie André » se yon lekòl ki la depi yon long peryòd. Se yon lekòl anpil moun frekante epi ki genyen yon gran renome nan zòn Fontamara 43. Li difisil pou yon moun abite nan zòn sa a pou l pa konnen l.
Malgre nouvèl la pa rive jwenn paran yo jan sa ta dwe fèt la, men sa pa anpeche l pote chagren nan kè sila ki rive konnen l yo. « Marie André » fè vwèl pou peyi san chapo, men atravè lekòl li a, ki pote non l lan, l ap toujou rete vivan nan memwa pwofesè yo, paran yo ak plizyè lòt moun ki te konnen l byen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.