Categories: AN KREYÒL IMMIGRATION

Gad kot amerikèn remèt 79 ayisyen bay otorite Bahamas yo

Share

Ekipaj Gad kot Rollin Fritch transfere jodi samdi 3 desanm 2022 an 79 ayisyen ajan Gad kot amerikèn te sove nan lanmè tou prè Miami nan dat 25 novanm ki sot pase a. Gwoup ayisyen sa yo t ap tante rantre ilegal sou teritwa ameriken an. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Yon gwoup ayisyen ki te nan yon ti bato byen chaje ta pral twouve yo nan gwo difikilte sou lanmè nan anviwon 8 miles nan lès Lake Worth Inlet, nan Floride. Gad kot amerikèn remèt jounen samdi 3 desanm lan migran sa yo. 

Responsab biwo cherif nan Palm Beach, te enfòme sou prezans bato sa ki te ranpli migran ayisyen ki t ap apwoche kot amerikèn yo nan Floride, 25 novanm ki sot pase a. Gwoup sa ki te nan yon bato ki t ap pran dlo te jwenn sekou yon patwouy Gad kot amerikèn ki te pote yo sekou. 

Lyetnan J.G Nicholas Fujimoto ki nan distri 7 gad kot yo envite ayisyen yo evite gaspiye lajan yo nan bay moun k ap òganize vwayaj ilegal. Daprè lyetnan an, pasè yo pa entèrese konnen si pwòch nou yo ap viv oubyen mouri. 

Depi premye oktòb 2022, ekipaj Gad kot yo kenbe 584 migran ayisyen. Sou ansanm ane an, otorite gad kot yo resanse 7 175 migran ayisyen ki t ap tante rantre ilegal sou kot amerikèn yo divès patwouy kenbe, lwen devan 2021 ki te gen sèlman 1527.

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by