Gonayiv : Pastè Arnold Christian mouri nan prizon aprè anpil tan malad

gonayiv pastè arnold christian mouri nan prizon aprè anpil tan malad

Pastè Arnold Christian, ki te jwenn arestasyon li kòm prezime otè entèlektyèl asasina pwofesè Pétonne Narcisse la, ki te mouri nan lane 2012, jwenn lanmò li samdi 17 septanm sa a nan prizon sivil Gonayiv la.  

Arnold Christian te prezante tèt li kòm yon lidè legliz epi ansyen direktè biwo levasyon depatmantal Latibonit, lè lapolis te arete l kòm prezime kriminèl, selon rechèch anketè yo nan kò jistis peyi a te founi, te gen plizyè endividi ki te epengle nan dram sila a. 

Selon sa sous nou te konfime nou sou eta sante defen prizonye a, li te malad men chak jou li te vin pi kanyank kanyank nan selil pa l la. 

Toutfwa, pa gen okenn detay sou maladi li tap fè fas la, men depi kòmansman mwa mas la, li tap soufri anpil.  Jij Willince Dérival ki te dwe entwodui limyè sou dosye sila a maletezman blije ranvwaye tout odyans yo. 

Quitter la version mobile