Categories: ECONOMIE

Goud la ki pa sispann pèdi valè fas dola ameriken an sanble pa di pyès moun anyen

Share

Pou ypremye fwa nan tout istwa peyi a, dola ameriken an chanje jiska plis pase 150 goud sou mache lokal la. Yon sitiyasyon k ap vin pi grav chak jou pi plis pandan enpresyon yo ta vle montre pa gen pyès moun sa enkyete. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan to referans ki pibliye regilyèman sou kont Twitter BRH la bay pou jounen samdi 10 novanm lan 142 goud pou chanje yon dola ameriken. Yon to nètman enferyè ak sa ki nan lari a ki deja depase 150 goud. 

Sou mache lokal la, nan divès biwo echanj yo, to dola a fikse a plis pase 150 goud pandan otorite monetè yo rete ap gade goud la k ap pèdi valè l fas dola ameriken an. 

Bank Repiblik Ayiti (BRH) ki gen chaj pou pran mezi pou estabilize to echanj lan epi jwe wòl abit nan fason sektè finansye a ap fonksyone sou teritwa nasyonal la pa rive kanpe dezekilib sa k ap kreye depi plizyè ane ant goud la ak deviz etranje yo. 

Divès mezi BRH adopte dènye tan sa yo pou frennen monte dola ameriken an epi rann estab to echanj lan pa rive bay rezilta swete yo piske jounen jodia dola ameriken an rive nan yon nivo rekò ki depase 150 goud. 

Yon sitiyasyon ki pa san konsekans pou fanmi yo nan peyi a avèk to enflasyon an ki, daprè dènye chif IHSI yo, atenn 30%, sa ki rive pa t janm rive avan. Daprè Nasyonzini, an Ayiti jounen jodia gen anviwon 5 milyon moun k ap viv nan grangou. 

 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by