Gwo difikilte pou chajman gaz yo fèt nan Terminal Varreux 

gwo difikilte pou chajman gaz yo fèt nan terminal varreux 

Sitiyasyon ki genyen nan perimèt Terminal Varreux a kote gen barikad toupatou ak plizyè pati nan wout ki nan anviwon yo ki koupe anpeche livrezon petwolye yo fèt nan tèminal la, daprè sa responsab yo fè konnen. 

Nan yon piblikasyon sou Twitter jounen lendi 19 septanm 2022 an, responsab Terminal Varreux yo fè konnen gen gwo difikilte pou operatè, anplwaye ak kamyon yo rive nan tèminal la akoz wout yo ki koupe epi barikad ki drese toupatou nan zòn lan. 

Nan piblikasyon sa, Terminal Varreux fè konnen WINECO pa kapab fè okenn chajman pou kounya pwodui petwolye yo, annatandan sitiyasyon an tounen nan nòmal li. 

Nan adrès ak nasyon premye minis Ariel Henry te fè nan moman gouvènman t ap pran desizyon monte gaz la, chèf primati a te fè konnen tout dispozisyon pran pou gaz la te kapab livre nan ponp yo. 

Quitter la version mobile