Imigrasyon Repiblik Dominikèn depòte 13,000 ayisyen nan 20 jou

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
imigrasyon repiblik dominikèn depòte 13,000 ayisyen nan 20 jou
Depòtasyon an mas ayisyen yo nan peyi Repiblik Dominikèn ap rapouswiv. Sòti premye pou rive 20 desanm, genyen plis pase 13,000 ayisyen ki rapatriye an Ayiti.
Imigrasyon nan peyi Repiblik Dominikèn pa chome pandan peryòd fen ane an. Nan espas 20 jou, otorite yo fòse tounen an Ayiti plis pase 13,000 ayisyen ki pa ta gen papye sou teritwa dominiken an.
Venancio Alcántara ki se Direktè jeneral migrasyon yo an Repiblik Dominikèn, konfime depòtasyon an mas sa yo e anonse operasyon kontwòl migratwa yo ap kontinye menm pandan fèt fen ane an.
Chèf DGM lan fè konnen egalman y ap kontinye depòte ayisyen yo ki ilegal sou teritwa dominiken an. Pou ane 2022 an gen plis pase 100 mil ayisyen otorite yo nan peyi Repiblik Dominikèn depòte an Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.