Inogirasyon “Sant kiltirèl Zetwal yo konn etenn” anndan Site Castro

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
Kèk mwa aprè lansman pwojè sa ki pote non “Sant kiltirèl zetwal yo konn etenn”, ekip Evazyon Mizik lan ki gen nan tèt li rapè D-fi, kase randevou 31 jiyè, nan kad inogirasyon l k ap fèt nan Site Castro, zòn Mayigate.
Pwojè sa ki rive reyalize sou inisyativ pwodiksyon Evazyon Mizik k ap evolye anndan Site Castro depi lane 2016, vize ofri prensipalman yon espas bibliyotèk ak Mayigate epi zòn ki anviwonnen l yo, kote jèn yo sitou ap kapab gen aksè ak liv epi pratike lòt aktivite kiltirèl.
“Sant kiltirèl Zetwal yo konn etenn” lan finalman pare pou inogire nan jou k ap 31 jiyè a apre plizyè mwa ekip k ap mennen pwojè sa pase ap kolokte liv ak tout lòt zouti k ap kapab pèmèt sant lan fonksyone.
Yon inogirasyon ki anonse k ap fèt ak patisipasyon plizyè atis k ap gen pou pèfòme pandan moman sa, pami yo sila ki anndan pwodiksyon Evazyon Mizik yo, animasyon DJ, tankou Hotsquad, Kemissa ak Sauvage, sa nou rive li nan afich ki fèt pou anonse aktivite sa.
Òganizatè yo fè konnen pòt yo toujou louvri ak tout moun ki ta vle bay kout men pa yo nan kad pwojè sa ki bati nan lide pou ofri lòt altènativ ak jèn yo sitou ki fin nwaye nan dwòg ak alkòl. «Pou don, n ap resevwa liv, enstriman mizik, ak tout sa ki nesesè pou fonksyonman bibliyotèk, sant kiltirèl», fè konnen responsab k ap mennen pwojè sa, ki mande tou pou «chak moun vini ak yon liv».

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.