Jean Victor Généus, yon lòt fwa ankò mande vijilans kont moun k ap sèvi ak non li pou fè lajan

Jean Victor Généus, Yon Lòt Fwa Ankò Mande Vijilans Kont Moun K Ap Sèvi Ak Non Li Pou Fè Lajan

jean victor généus, yon lòt fwa ankò mande vijilans kont moun k ap sèvi ak non li pou fè lajan

Minis ayisyen afè etranje a, Jean Victor Généus, nan yon avi ki pibliye ayè dimanch 4 jen 2023 a, avèti popilasyon an yon lòt fwa ankò kont itilizasyon non li ak lòt nimewo telefòn ki pa pou li k ap sèvi pou voye demann oswa retire lajan bay viktim inosan yo.

Nan avi sa a, Minis afè etranje a, Jean Victor Généus, ankouraje moun ki resevwa kalite demann sa pou yo vijilan byen klè, tout pandan li fè konnen Lapolis jidisyè te enfòme sou pratik malsen sa yo.

« Mwen ankouraje moun ki resevwa kalite demann sa pou yo vijilan ak byen klè. Mwen pa adrese demann oswa mwen pa bay demann ak pèsonn. Lapolis jidisyè yo te enfòme sou pratik malsen sa yo. Se zak delenkan, yo gen pou yo al rann kont bay lajistis kanmèm », te ekri Minis la nan avi li a.

Li enpòtan pou nou raple, nan mwa desanm ki sot pase a, Jean Victor Généus te fè konnen nimewo li 4050-4275 te pirate. Li te refize tout responsablite pou move zak moun sa yo te kapab fè nan nimewo sa. Sepandan, 6 mwa aprè Chanselye a fè menm deklarasyon an.

Quitter la version mobile