Joseph Felix Badio, prezime asasen Jovenel Moïse la, demanti tout akizasyon lajistis yo nan yon mesaj vokal 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
joseph felix badio, prezime asasen jovenel moïse la, demanti tout akizasyon lajistis yo nan yon mesaj vokal 

Finalman, Joseph Felix Badio, lajistis ap chèche kou chen fou pou enplikasyon prezime li nan sasinay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, soti nan silans li. Nan yon mesaj vokal k ap sikile sou tout rezo sosyal yo, prezime asasen an fè konnen li pa gen pou wè ak tout akizasyon lajistis depoze sou do l yo, pi lwen fijitif la bay plizyè rezon ki ta lakòz sillans li pandan 14 mwa sa a yo, tankou sante l ki pat twò bon epi sajès li ki pat pèmèt li pale pandan plizyè moun ap pale an menm tan. 

Nan mesaj sa a k ap sikile a, prezime a lonje dwèt jouda li byen long sou divès aktè nan aparèy Jistis la,  ki selon deklarasyon l yo, touche kòb nan men aktè politik yo pou kreye fo akizasyon  kont li “Nou pran lajan an, men n ap mal fè travay la mesye” te deklare prezime asasen an. Li akize tou nimewo 1 RNDDH la Pierre Espérance ki selon li ‘’ ki pa janm bay yon kras verite sou dosye sasinay defen prezidan Jovenel la , li fè konnen tou rapò responsab dwa moun nan emèt Lajistis la pa gen kenn verite ladan l,‘’ pa gen pyès pwofesyonèl nan aparèy jistis la a ki ekri rapò sa a’’ li kontinye pou l di se bagay politik k ap regle pa t janm gen bagay Jistis ki ta p fèt vrèman. ‘’Mouch gen pou swiv ou Pierre Espérance, tout Moun ki dakò soutni w ak moun ki ba w pale nan mikwo tout gen pou pase’’ deklare Felix Badio pandan li di Pierre Espérance se pi gwo mantè RNDDH rekonèt.         

- Advertisement -
Ad imageAd image

Felix Badio avwe nan mesaj li a Ariel Henry pa gen lejitimite ni pou fè limyè sou dosye a, ni pou fè arete l paske daprè sa li di Premye minis lan pa inosan nan lanmò ansyen prezidan an. Li ajoute tou li pat janm diskite ak PM nan jan li mansyone nan rapò a, ‘’ Si Ariel pa vini devan jij li pou bay tout verite yo, tout moun ki pral mouri yo sou kont li, tout polisye ki pral tonbe nan fè veleyite politik sou dosye a sou kont li’’ pèsiste fijitif la. 

Felix Badio di li pare pou l afwonte akizasyon sa yo li konsidere kòm yon dezòd nan aparèy jistis la, nan tout sans, ’’Jodi a m nan batay jiskaske nèg ki te limen dife a etenn li’’ youn nan deklarasyon Badio, fijitif la deklare tou  li pa konnen ni an pent ni an penti koulè kay Jovenel Moïse, alòske rapò a mansyone endividi an te antre epi sove ak plizyè papye enpòtan ak zam ki te andedan kay la, yon seri akizasyon youn nan pi gwo prezime enplike a demanti. Pou fini prezime enplike a di li swete limyè fèt sou dose lanmò defen ansyen lokatè palè nasyonalm la, li anonse li disponib pou nenpòt enstans oubyen moun ki swete fè limyè sou dosye a.  

N ap raple nan dat 21 oktòb pase a, Felix Badio te ekri biwo federal envestigasyon etazini an pou jwenn bon jan limyè sou dosye sa a ki pa sispann tonbe nan katchyaboumbe, depi aprè sezisman lanmò a, nan lèt saa  Badio te menm site non divès moun ki pou ta vin reponn kesyon DCPJ, swa ki  te revele oubyen akize non l pi fon nan zak sila a. Pandan prezime enplike a di li menm li prè pou kolabore ak tout pwofesyonèl konpetan nan Jistis ayisyèn nan. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.