AN KREYÒLSOCIÉTÉ

Kèk fason daprè kilti ayisyèn lan ou ka bay yon moun ki pa ka sipòte gwo chòk nouvèl lanmò 

Bay nouvèl pa yon egzèsis ki fasil pou tout moun, paske nou chak gen yon fason nou anonse li. Nan tout sosyete, gen yon kategori moun ki trè frajil ki pa ka sipòte chòk, kidonk moun sa yo pa ka fè sezisman, resevwa nenpòt nouvèl tankou nouvèl lanmò e latriye. Kesyon nou ap poze kisa chòk ye? eske gen yon metòd pou anonse moun sa yo nouvèl lanmò? Si wi, ou non, kisa espesyalis yo di ?   

Fason moun bay nouvèl konn gen anpil enpak sou anpil lòt, sitou sou sila yo ki pa ka sipòte chòk tankou moun ki soufri  tansyon wo, ki fè estròk, kè, sik, e latriye. An Ayiti, kèk nan nou konn gen tandans mete yon bemol nan bay move nouvèl. Kòman nou ka fè sa vrèman ? 

Saralinda Jacques yon sikològ ki travay ak tifi ansanm  ak  fanm ki sibi zak vyolans fizik, seksyèl, epi ak timoun ki gen difikilte pou aprann, ansanm avèk sikològ  Kensly Jacques te fè yon ti pale ak nou sou kesyon sa yo.  

Daprè Saralinda, nou pale de chòk lè yon moun aprann yon move nouvèl san zatann, oubyen lè yon bagay rive yon moun san atann. Nou kapab di : “gen chòk nan kò ou chòk fizik, ak chòk nan lespri ou chòk mantal.”   

Nan kad sijè sa, lè nou evoke chòk, nou vle pale de chòk nan lespri. Anpil bagay kapab pwodwi chòk lakay yon moun tankou:  yon aksidan, yon separasyon, divòs, kadejak,  katastròf natirèl tankou tranbleman de tè, inondasyon e latriye. 

Si nou pran yon moun ki sou chòk paske li aprann ke manman li mouri. Moun sa, li gen tout rezon pou li tris,pou sa choke li, paske li wè li pap janm wè moun sa ankò. 

Daprè kilti ayisyèn lan, pou evite anpil deriv, sikològ la eksplike kèk teknik yo konn itilize pou bay nouvèl lanmò.  Moun kap bay nouvèl la kapab rele moun lan epi li di :  Alo Marie (non prete) manmanw pa bon menm non. janm wè li la, se sèl Bondye ki ka di yon mo. Siw ta wèm relew ankò konnen ka a grav. 

Kèk tan aprè li gendwa rele enkò pou li di: “kòm ou te konn manmanw pat byen, li fon kite sa wi, nou pap wè li ankò non. Li travèse, li ale nan peyi san chapo. Li al jwenn Mèt li, li fini ak tout bagay”. 

Gen tout yon akonpayman yo kapab bay moun lan nan posesis dèy la. An Ayiti tout rityèl ki akonpanye lanmò ede moun lan simonte dèy la byen rapid. Se pou tèt sa, nan ka kote nou ta wè aprè 6 mwa moun lan toujou ap afiche menm tristès sa pa rapò ak menm jan lè li te resevwa nouvèl lanmò a, dèy la vi n patolojik. Lè sa moun lan dwe wè 1 sikològ ki pou pran sa an chaj pou li pa rapò ak ka li a,” daprè sikològ la. 

Advertisements

Konsa tou gen kèk bagay nan kilti nou an ki byen mache. Se poutèt sa nou pa ka inyore yo, paske anpil nan yo bon e trè itil. Sou plan sikolojik, moun kap bay nouvèl la konn devlope lakay li anpil siy afektif tankou li ka chwazi rele epi li di : “ou konnen mwen renmen w anpil, map la pou ou, e map sipòtew.” Apresa li ka di : “pitit bwè ti dlo sa, ou anfòm? M gen yon nouvèl pou m anonsew wi, men m pa konn kòman wap pran l. Ou ka pran li pou yon bon ou yon move nouvèl, apre li bay nouvèl la. 

Gen lòt metòd tou ki konn mache, yo konn fin anonse moun lan nouvèl la, apre yo fè yon melanj lanmidon ak siwo miel ou siwo kann bay moun lan bwè. Oubyen yo pran yon kiyè lwil yo chofe li ak yon ti sèl fen yo bay moun lan bwè.  

Pou akonpanye yon moun ki nan sitiyasyon chòk ou ki sibi yon chòk swa paske li sibi yon bagay ou pran yon move nouvèl, Saralinda, konseye : “li toujou bon nan moman sa pou w kite moun lan eksprime sa li santi, pataje e degaje tout emosyon li genyen.” Nan menm kontèks la sikològ la fè konnen : ” nou dwe aprann konnen, lè yon moun sibi yon chòk se nòmal pou li gen kèk konpòtman ke li pat konn genyen avan, men akoz chòk sa li vin ap sibi an li konn vin afiche kèk nouvo konpòtman.” 

Nan sans sa li konseye pou moun ki nan antouraj moun sa ba li anpil sipò afektif , emosyonèl ki pou pwouve li ke yo la pou li, ansanm ak li, ke yo ap akonpanyel nan sitiyasyon difisil sa ke li twouve li a. 

Saralinda fini pou l di, menm ke anpil nan teknik sa yo konn mache nou pa kapab di se de seri de  metòd inivèsèl paske tout bagay la pral depann de ki moun ki anfas nou an. 

Sou bò pa li, sikològ Jacques Kensly, fè konnen nou pale de chòk lè yon moun pèdi kapasite lakay li pou li kapab sipòte yon enfòmasyon ke yo ba li ki deranjan.  

Si pou Saralinda anpil moun lè yap bay yon moun ki pa ka sipòte gwo chòk yon move nouvèl yo sipoze brosel, prepare lespri moun lan pou evite mwens dega sou sante mantal ak fizik li, menm ke teknik yo pa inivèsèl, pou Kensly : ” pa preske gen yon metòd oubyen teknik pou w bay moun lan yon move nouvèl paske daprè li,  nenpòt jan ou di moun lan yon bagay si pou li aji sou li, pou l ba li yon chòk emosyonèl sa ap fèt. 

Sikològ la fè konnen : ” pou rive jere yon moun ki sibi chòk, ‘moun lan dwe konsilte yon pèsonèl medikal nan sante mantal pou ede li. “ 

Pou fini nap di ” nou pap janm fin abitye ak lanmò, tout jan, nouvèl la ap fè efè sou moun lan. Koze mete bemòl la se nan kilti nou sa ye. Li enpòtan pou nou konnen, plis nou rive jere fason nap bay yon moun yon move nouvèl si li paka jere chòk, l ap bon ni pou moun lan ni pou ou ki bay nouvèl la nan tout sans. 

Facebook Comments

Annelie Noel
Originaire de Port-au-Prince. Diplômée en communication et en hôtellerie. Elle est une journaliste motivée, attentive, dynamique et rigoureuse. Elle s'accroche beaucoup à son métier de journaliste.