Kreyolofoli, sòti premye pou bout 28 oktòb yon mwa kilti kreyòl an foli

Kreyolofoli, Sòti Premye Pou Bout 28 Oktòb Yon Mwa Kilti Kreyòl An Foli

kreyolofoli, sòti premye pou bout 28 oktòb yon mwa kilti kreyòl an foli

« Kreyòl, zouti pou devlopman lakay » se sou tèm sa ekip Kreyolofoli a lanse pou lane 2022 a, dezyèm edisyon evènman sa. Soti premye pou bout 28 oktòb, lang ak kilti Kreyòl la pral tabli kò l divès kote nan mond lan, nan yon ti bat bouch ajans NetAlKole Media te genyen ak youn nan responsab yo, nou pral fè w konnen plis toujou. 

Se Wilguens Jean Pierre kowòdonatè jeneral ak tout yon ekip ki epapiye divès kote, lanse pou lane 2022 a dezyèm edisyon Kreyolofoli, yon evènman ki la pou bouste lang ak Kilti Kreyòl ayisyen an nan mond lan. Divès kote tankou Chili, Ayiti, Etazini (Miyami), Espay ak Lafrans (Pari) gentan ranje kò yo pou resevwa gwo evènman sa k ap tabli kò l soti premye pou bout 28 oktòb 2022 k ap vini la. 

Selon sa Angy Deravines, youn nan responsab kominikasyon yo, ta rapòte, se yon mouvman ki fèt sou fòm karavàn. Misyon l se anbrase tout demach k ap pèmèt valorizasyon ak pwomosyon lang kreyòl, sitou kreyòl ayisyen an ak tout varyasyon rejyonal li genyen. 

Pi lwen Angy eksplike, mouvman sila ap pèmèt ayisyen tout kote nan mond lan rejwenn fyète yo, relimen santiman patriyotik yo atravè kèk pwogram sansibilizasyon, pwomosyon, edikasyon, fòmasyon ak kominikasyon an favè tout moun. 

Evènman sa ki se yon festival, si n reprann koze Angy yo, ap gen yon seri aktivite k ap reyalize nan divès peyi, pami yo : Chili k ap resevwa karavàn lan soti 1ye ak 2 oktòb k ap vini la, 8 ak 9 oktòb se ap Ayiti k ap resevwa seri aktivite pa l yo aprè y ap janbe nan peyi Tonton Sam lan, Etazini, nan lakou Miyami jou k ap 15 ak 16 oktòb yo, aprè y ap travèse nan peyi Espay, 21 ak 22 oktòb pou al bout nan peyi Lafrans, nan vil Pari 27 ak 28 oktòb 2022.  

Responsab kominikasyon ak eskplike a klè, nan chak peyi sila yo ap gen anpil aktivite tankou ekspozisyon atizanal, gastronomi, pwojekyon, konferans, espektak, jwèt tradisyonèl, rara pou site sa yo selman. Se atis Roosevelt Saillant ke yo plis konnen sou ti non BIC Tizon dife k ap a lonè pandan evènman san parèy sa. 

Poukisa yo chwazi non Kreyolofoli a ? 

Angy Desravines eksplike rezon an se yon fason pou ranfòse lyen nou menm nou genyen avèk kilti Kreyòl yo, sitou pa Ayisyen an.  

Lòt rezon se pou n ta petèt rekonsidere nou menm nan kesyon lang lan, pou l pa ta pase an dezyèm pozisyon, ki se yon eritaj nan yon sans e se youn nan fason tou ki ap pèmèt nou kenbe l e konsa fè fas kare ak kriz idantite an pou l ta ka diminye. 

Kreyolofoli se yon evènman, jan li te di pi wo a, ki sou dezyèm edisyon l men se pa p dènye a non plis, malgre jan bagay yo ye a, se yon fyète pou pèp Ayisyen an jwenn yon gwoup moun ki deside mete valè sou peyi a ak kilti Kreyòl la. 

Quitter la version mobile