Categories: AN KREYÒL INSECURITE

Kwadèboukè :  van kidnapin nan kontinye soufle fò

Share

Bandi ak zam ki gen kontwòl komin Kwadèboukè kidnape gran lajounen 8 janvye 2023 a antreprenè Jean Fednel Saint-Juste, ki se gran frè Sendikalis Jean Roody Saint-Juste,  daprè premye eleman enfòmasyon plizyè sous, aksyon an pase nan zòn Bon Repo, yon zòn ki sitiye l nan Komin Kwadèboukè. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Se yon wont pou peyi a pou fason ka kidnapin yo vin enkontwolab devan zye leta a ak fòs sekirite prensipal la ki se PNH, lame Dayiti a ap ranfòse, enstitisyon polis la ap enskri moun kou marinad nan chodyè devan machann, jiskaprezan se pou bèl inifòm ak bèl seremoni, Jean Fednel Saint-Juste, ki se gran frè sendikalis la Jean Roody Saint-Juste, konplete lis ka anlèvman yo. Bandi san fwa ni lwa yo egzije yon ranson ki evalye ak 600 mil dola meriken pou yo libere otaj la, daprè konfimasyon ti frè l Jean Roody Saint-Juste.  

Bon Repo, youn nan zòn ki kontinye wout nasyonal nimewo 3 a nan momin Kwadèboukè epi ki anrejistre plis kidnapin nan komin sila a. Biznismann nan Jean Fednel Saint-Juste, te apenn ap kite Ona-vil pou rantre lakay li Santo, toujou Kwadèboukè, lè plizyè malfwa ta pral brake zam sou li epi kidnape l mennen nan baz yo. 

Aprè yo fin reyisi sèn yo a, lotè ka kidnapin yo te rele fanmi otaj la pou yo kòmanse negosyasyon pou libere otaj la. Daprè sendikalis la, ravisè yo egzije anba anpil presyon yon montan 600 mil dola meriken pou lage Jean Fednel Saint-Juste. Yon sòm lajan fanmi Saint-Juste pa genyen epi ki pa nan posibilite pou kolekte. 

Kidonk, Jean Roody Saint-Juste mande lotè zak sa yo pou yo lage frè l la, pou l ka rejwenn fanmi li ki te apiye sou kichòy li. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by