Kylian Mbappé sou wout pou vini nouvo kapitèn seleksyon Lafrans lan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
kylian mbappé sou wout pou vini nouvo kapitèn seleksyon lafrans lan
Avèk retrèt entènasyonal Hugo Lloris ak Raphaël Varane aprè Koupdimond Kata 2022 an, Kylian Mbappé kapab vini pwochen kapitèn ble yo apati mwa mas sa menm daprè jounalis Abdellah Bouma.
Atakan fransè an ki se deja vis kapitèn nan ekip Paris Saint-Germain an dèyè do Marquinhos, prezante kòm gran favori pou pote brasa a nan seleksyon Lafrans lan aprè retrèt entènasyonal gadyen Tottenham la ak defansè Manchester United la.
Kylian Mbappé ki prezan nan lis Didier Deschamps pibliye jodi jedi an pou pwochen match eliminatwa Euro 2024 yo fas Peyiba ak Irlann, kapab pote brasa kapitèn seleksyon Lafrans lan pou premye fwa nan karyè foutbòl li.
Kylian Mbappé ki te fini meyè bitè dènye mondyal la a 8 gòl, avèk sitou yon triple nan final yo pèdi fas seleksyon Ajantin lan, sou wout pou pran plis responsablite nan ekip Lafrans lan menmjan li te egzije Paris Saint-Germain sa pou l pa t kite klèb la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.