Lafrans ofri Ikrèn yon prè 100 milyon ero

lafrans ofri ikrèn yon prè 100 milyon ero

Gouvènman peyi Lafrans lan ofri yon prè bilateral ki evalye ak 100 milyon ero ak peyi Ikrèn, nan lide pou soutni l pandan peryòd difisil li yo depi envazyon Ris la, anons lan fèt jodi madi 29 novanm lan, se Minis Ekonomi ak Finans fransè a Bruno Le Maire, ki te ofisyalize prè sa a. Asistans finansye sa a fè swivi yon prè 300 milyon ero ki te akòde nan mwa mas pase a.

« Mwen vle montre Odessa kisa Ikrèn ap pase, Asistans finansyè nou vle ofri Ikrèn nan jwe yon wòl enpòtan nan sipòte estabilite ekonomik peyi a ak avanse sèvis piblik yo, » Bercy te di nan yon kominike.  » L ap kontribye tou nan bon jan operasyon efikas pou amenaje enfrastrikti esansyèl yo, pandan destriksyon fòs Ris yo nan peyi a, konsekans grav yo pa sispann dejenere nan sen popilasyon Ikrenyen an », li te ajoute.

30% nan enfrastrikti enèji Ikrèn yo domaje Larisi te antre nan yon kanpay misil masiv ki vize enfrastrikti enèji Ikrèn yo nan kòmansman mwa oktòb la.

Daprè chif yo gouvènman nan peyi Ikrèn te site, ant 25 ak 30% nan enfrastrikti sa a te domaje.

Debousman lajan ki pral bay « nan jou kap vini yo » dapre Bercy, te siyen epi dakò ayè lendi an pandan yon videokonferans ant Minis ekonomi fransè a Bruno Le Maire ak kontrepati Ikrenyen li Sergii Marchenko epi Ajans Frans pou Devlopman an (AFD).

Bò kote pa yo, gouvènman peyi Almay, te anonse li pral gen pou founi « plis pase 350 jeneratris » bay Ikrèn.

Anplis de sipò finansye, Lafrans fè konnen y ap delivre ekipman defans nan peyi Ikrèn, ki te fè fas ak atak destriktiv peyi Larisi te fè sou yo depi 24 fevriye dènye a.

Quitter la version mobile