Lapolis arete 4 asasen ki touye yon komèsant, pami yo mennaj li

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis arete 4 asasen ki touye yon komèsant, pami yo mennaj li
Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) mete lapat sou 4 endividi ki enplike nan asasina yon komèsant, sa gen plis pase yon mwa de sa. Demane St-Felix se non viktim sila kriminèl yo touye, pou yo te ka pran yon kòb li te pote sou li sot Sendomeng.
Demane St-Felix se yon komèsant ki abitye achte machandiz an Repiblik dominikèn, lè li rantre an Ayiti li toujou desann al dòmi lakay Gay Fredler nan zòn Wanament, depatman Nòdès peyi a, ki se mennaj li.
4 nonm yo touye li madi 20 desanm 2022 pase a, aprè yo te fin planifye pou yo te pran yon gwo sòm lajan li te transpòte sou li sot Repiblik dominikèn, swa 1 milyon goud ak 1500 dola ameriken. Fredler esplike se toufe yo toufe dam nan pou sa te rive fèt.
Jou ki te 1ye mas pase a, nan komin Taba, zòn Fleuriot, lapolis mete lapat nan kòlèt Gay Fredler, ki se swadizan mennaj dam nan aprè yo te fin kwaze sou Facebook, epi nan jedi 2 mas Junior Pierre, Peterson Petit-Frère ak Enès Petit-Frère, jwenn kout kòd pa yo nan zafè sila.
Arestasyon 4 endividi sila yo t ap pral pèmèt lapolis dekouvri kadav Demane St-Felix nan zòn Diwo, komin Wanament. Nan yon repòtaj PNH la prezante, li detaye jan 4 mesye yo touye dam nan epi separe kòb la. Toutfwa, malgre revelasyon otè prensipal zak la ki se Gay Fredler fè, lòt 3 mesye yo voye jete byen lwen akizasyon yo.
N ap raple, Fredler Gay se sipèvize nan pak endistriyèl Codevi nan zòn franch Wanament, epi 3 lòt endividi yo se kòlèg travay li. Yo mete lapat sou li aprè l t ap vin chèche yon ranson nan men sè viktim nan lide pou te fè plis lajan sou fanmi an. Aktivman tou lè 4 asasen yo nan gadavi nan DCPJ.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.