Direksyon rejyonal santral Cibao Polis nasyonal la an Repiblik dominikèn enfòme li mete lapat sou 26 Ayisyen ki san papye abò yon machin ki t ap transpòte yo nan Santiago.
Aprè yo t ap kouri dèyè machin nan depi nan distri minisipal Canela, yo te rive kanpe li sou avni prezidan Antonio Guzmàn lan, daprè yon rapò lapolis dominikèn drese swit ak kou sila.
Otorite yo fè konnen anndan machin sila, ki se yon Jeep, yo rive jwenn 11 gason, 10 fanm ak 5 timoun youn sou lòt. Pou kounya yo transfere yo bay Direksyon jeneral migrasyon yo (DGM) pou fè swit ki nesesè yo, epi machin nan y ap bay Ministè piblik la li.
N ap raple, depi fen lane 2022, DGM te pwomèt l ap ogmante operasyon depòtasyon migran ki san papye yo sou teritwa li a. konsa, li te tanmen, sou lòd Ekzekitif dominiken an yon gwo operasyon pou arete migran ki ilegal sou teritwa li a lannwit kou lajounen epi voye yo tounen lakay yo. Men mezi sila te touche Ayisyen yo plis.
Malgre divès demand kominote entènasyonal la fè nan dosye sila, administrasyon Abinader a te deklare li pa p sispann depòtasyon li yo. Nasyonzini te deklare pou Repiblik dominikèn, pami kèk lòt peyi sispann depòte ayisyen ki lakay yo an rezon vi yo ki an danje an Ayiti, men deklarasyon sila yo pa pran an konsiderasyon pa bò kote peyi konsène yo, patikilyèman Repiblik dominikèn.
Facebook Comments