Lapolis pèdi de gason ankò anba men bandi nan Kafou

Nan aprè midi jedi 4 jiyè 2024 la, nan zòn Arcachon 32, Kafou, bandi ak zam touye 2 enspektè divizyonè lapolis ansanm ak yon sivil. Daprè enfòmasyon ki soti nan Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo (SYNAPOHA).

Bandi yo frape ankò, kite lanmò nan ran PNH. Zak kriminèl sa a fèt nan Ri Jenèt, dapre sa estrikti sendikal lapolis la fè konnen. Apre yo fin tire viktim yo, bandi yo pran kadav yo, daprè Lionel Lazarre, Kòdonatè nasyonal SYNAPOHA.

N ap raple, pandan tan sa a, Premye minis Garry Conille deklare nan yon entèvyou ak RFI leta pral reprann kontwòl tout tèritwa san bezwen asistans ofisye Misyon Multinasyonal la nan operasyon pou rekipere zòn ki anba kontwòl gang ame yo.

Quitter la version mobile