Lapolis Repiblik Dominikèn aprann Ayiti li mete men nan pat kasav yon prezime bouwo manm aktif gwoup gang Izo a “5 Segond”, Yeye jan anpil moun konnen l lan.
Li pa yon sekrè pou pyès moun, gwoup gang yo genyen yon latriye sòlda ki pa p viv Ayiti men k ap fè zafè ak yo nan diferan kidnapin, sasinay ak lòt zak briganday ki kont lalwa…. Arestasyon sila a fèt nan aprè midi jodi samdi 6 me 2023 a nan lokalite Puerto Plata, andedan Sendomeng. Daprè konfimasyon yon sous nou nan jounal Listín Diario.
Pou kouwèl ye la a, prezime manm gwoup gang 5 Segond lan nan yon gad avi nan Puerto Plata, annatandan tout antant ak PNH la ak gouvènman peyi Dayiti.