Lapolis Ayiti arete 5 prezime danje trafikan Dominiken

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
lapolis ayiti arete 5 prezime danje trafikan dominiken (2)

Lapolis nan ayewopò Toussaint Louverture arete ayè vandredi 5 mai 2023 a, 5 resòtisan Dominiken ki te gen gwo avi rechèch dèyè yo pou trafikè dwòg ak moun ki ta gen inifòm Polis Nasyonal Dayiti nan men yo pou fè zak malonèt.

Nan yon nòt yo pibliye sou paj ofisyèl yo, responsab kominikasyon PNH yo fè konnen, DCPJ arete mesye yo ak paspò yo nan men yo ki t ap tante rantre nan peyi Baamas, desideman, yo te blije pase dirèk pa ayewopò prensipal Ayiti a Toussaint Louverture, pou reyisi kou a.

Daprè enfòmasyon yo, peyi vwazen an te deja enpoze avi rechèch dèyè gwoup endividi sila yo pou trafik estipefyan dwòg ak moun ki ta gen plizyè inifòm PNH andedan lakay yo pou fè zak briganday.

Non yo se ;

1- Eustate Santos Rafael
2- Velez Taveras Lincoln Americo
3- Rivera Burgos Jorge Luis
4- Caseres Vasquez David
5- Flores Carrasco Claudio Ernesto.

Depi ayè vandredi an, DCPJ plase mesye yo nan gad avi annatandan yon desizyon ant jistis Dominikèn nan ak jistis Ayisyèn nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.