Lionel Messi evite yon katriyèm defèt pou PSG

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
lionel messi evite yon katriyèm match san viktwa pou psg
Sou yon koufran dirèk nan fen match la, Lionel Messi ofri yon viktwa konbyen enpòtan ak Paris Saint-Germain nan Parc des Princes lan (4-3) fas ekip Lille lan.
Pou 24èm jounen Ligue 1 an, Paris Saint-Germain fè yon bèl operasyon kote yo genyen Lille jodi dimanch lan (4-3) avèk sitou Lionel Messi sou yon koufran dirèk nan minit adisyonèl.
Aprè 3 defèt youn aprè lòt tout konpetisyon melanje, ekip PSG a rejwenn gou viktwa nan yon match fou jodi dimanch lan, kote yo ranvèse ekip lilwaz la nan 10 dènye minit yo avèk Kilyan Mbappé epi chanpyon dimond ajanten an.
Paris Saint-Germain ki te nan gwo difikilte nan Parc des Princes lan jodia, reyisi gwo kou sa ki anpcehe yo konnen yon katriyèm match san viktwa pou sezon an, sa ki se pi move seri yo depi rive Katari yo nan tèt ekip la.
Lionel Messi ki pa t ap fè yon bon match fas ekip Lille lan, kanmenm rive ofri Paris Saint-Germain bèl viktwa sa ki tou mete fen ak yon move seri ki te sou twa defèt youn aprè lòt epi konsolide plas lidè yo an nan Ligue 1 an.
N ap raple, nan menm match sa, PSG pèdi atakan brezilyen an, Neymar, ki te oblije sòti sou sivyè nan kòmansman dezyèm mitan an aprè l te fin tòde cheviy li. Toutfwa, okenn enfòmasyon ofisyèl sou gravite blese an poko kominike.
Paris Saint-Germain ki te pèdi match ale yo a, nan Champions League lan (0-1) fas Bayern Munich, ap gen pou deplase ale nan Allianz Arena a nan dat 8 mas k ap vini la. Neymar ki t ap fè grimas pandan l t ap kite tèren an vle bay kòm enpresyon li ka pa la nan match retou fas ekip alman an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.